Cântico dos Cânticos 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!
Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;
cheve ou tankou yon bann kabrit
ki fin desann sòti Mòn Galaad.
2Dan ou tankou yon bann mouton
ak lenn fenk taye ki sot benyen.
Yo tout fè pòtre jimo yo,
ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
3Lèv ou tankou fisèl wouj
e bouch ou tèlman bèl.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
4Kou ou tankou fò David la,
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,
tout boukliye won a mesye pwisan yo.
5De tete ou tankou de jèn ti antilòp;
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
6Jiskaske jou a bese pou l vin fre
e lonbraj yo vin disparèt,
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
7Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
8Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an;
m bezwen ou vini avè m sòti Liban.
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
9Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
10A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
11Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;
siwo myèl ak lèt anba lang ou.
Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
12Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,
fi a maryaj mwen;
yon jaden wòch ki fèmen,
yon fontèn dlo ki ansèkle.
13Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
14ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,
ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa,
ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
15Ou menm se yon sous jaden,
yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
16Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;
kite epis li yo vante gaye toupatou.
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an
pou manje tout fwi chwa li yo.

Você sabia?
A beleza da noiva e o jardim de especiarias
- O poema chama a noiva a descer das imponentes cordilheiras ao norte no Líbano, incluindo Amana, Senir e o monte Hermom. O monte Hermom é o pico mais alto da cordilheira do Antilíbano, e fontes bíblicas registram que Senir era o nome amorreu para o Hermom.Fontes: o próprio texto bíblico · Hermon · Senir · Lebanon
- O cabelo da amada é comparado a um rebanho de cabras descendo o monte Gileade, uma região fértil e montanhosa situada a leste do rio Jordão.Fontes: o próprio texto bíblico · Gilead
- A noiva é retratada como um jardim fechado, uma fonte selada e um pomar repleto de especiarias preciosas como nardo, açafrão, canela e incenso, evocando exclusividade, frescor e aroma.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 1
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 8, 11, 15
- Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 8
- Senir · Hoje: Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 8
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org