Nations Bible

Rute 2

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi Élimélec, ki te rele Boaz. 2Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.”

Epi li te di l: “Ale fi mwen.” 3Konsa, li te sòti pou te ale ranmase nan chan an apre moun rekòlt yo. Epi li te vin rive nan pòsyon chan ki te pou Boaz la, ki te manm fanmi Élimélec la.

4Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: “Ke SENYÈ a kapab avèk nou.”

Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.”

5Konsa, Boaz te di a sèvitè li ki te an chaj moun rekòlt yo: “Pou kilès jenn fanm sila a?”

6Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la. 7Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten pou jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.”

8Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo. 9Kite zye ou rete sou chan ke yo rekòlte a e swiv yo. Vrèman, mwen te kòmande sèvitè mwen yo pou pa touche ou. Lè ou swaf, ale nan veso dlo yo pou bwè nan sa ke sèvitè yo rale.”

10Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”

11Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan. 12Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.”

13Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”

14Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.”

Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete. 15Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm. 16Anplis, nou va rale kèk nan pakèt yo eksprè e kite li la pou li kapab ranmase e pa repwoche l.”

17Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj. 18Li te pran li e te antre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.

19Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!”

Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.” 20Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”

21Alò Ruth Moabit la te di, “Anplis, li te di mwen: ‘Ou dwe rete pre sèvitè mwen yo jiskaske yo fin fè rekòlt mwen.’”

22Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.” 23Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Rute colhe nos campos de Boaz

  • Belém situava-se na região montanhosa de Judá, e os vales férteis a leste serviam como campos agrícolas onde Rute recolhia as espigas de cevada deixadas pelos ceifeiros.Fontes: Bethlehem · Ruth · o próprio texto bíblico
  • Boaz era um proprietário próspero em Belém, pertencente ao clã do falecido marido de Noemi, Elimeleque, o que o tornava um parente chegado e resgatador da família.Fontes: Boaz · Elimelech · o próprio texto bíblico
  • Apesar de Rute ser uma estrangeira de Moabe, Boaz concedeu-lhe hospitalidade e proteção especiais, oferecendo-lhe grãos tostados e água, e ordenando aos seus trabalhadores que não a maltratassem por causa de sua lealdade a Noemi.Fontes: Ruth · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículos 1, 4
  • Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 6

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.