Nations Bible

Romanos 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an, 2ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen. 3Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè. 4Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo; 5ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.

6Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël, 7ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”. 8Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men zanfan a pwomès la ki konsidere kòm eritye yo. 9Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.” 10Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. 11Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, 12Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”. 13Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.

14Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” 16Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la. 17Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” 18Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.

19Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.” 20Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? 21Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? 22Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo. 23Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, 24menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo. 25Jan Li di osi nan Osée a:

“Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’,

e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”

26“Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: ‘Nou pa pèp mwen’,

la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”

27Ésaïe te kriye fò pou Israël:

“Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.

28“Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen.

29Epi jan Ésaïe te prevwa a:

“Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou,

nou ta devni tankou Sodome;

nou ta sanble Gomorrhe.”

30Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, ladwati menm ki pa lafwa a. 31Men Israël ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a. 32Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou wòch bite a. 33Jis jan sa ekri a:

“Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite;

yon wòch k ap yon ofans,

e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Israel e os filhos da promessa

  • Estes versículos argumentam que a palavra de Deus não falhou: nem todos os descendentes de Israel são Israel, e nem todos os descendentes de Abraão são filhos dele. Isaque foi o único filho de Abraão com Sara, e a promessa citada aqui segue essa linha: a descendência seria contada por meio de Isaque e, no tempo determinado, Sara teria um filho. O nome Sara, que significa princesa, foi dado quando se anunciou que ela seria a mãe do filho prometido.Fontes: o próprio texto bíblico · Isaac · Sarah
  • O argumento passa então aos gêmeos de Rebeca, concebidos por um só homem, Isaque. Esaú, o primogênito, também foi chamado Edom, "vermelho", por causa do cozido de lentilhas vermelhas pelo qual vendeu o direito de primogenitura; Jacó, o mais novo, tem um nome que significa quem segue os calcanhares de outro, ou suplantador. Antes de os gêmeos nascerem ou de fazerem qualquer coisa boa ou má, foi dito a Rebeca que o mais velho serviria ao mais novo, e está escrito: "Amei Jacó, mas odiei Esaú".Fontes: o próprio texto bíblico · Esau (Edom) · Jacob (Israel)
  • Isaías, filho de Amoz, é citado a respeito de um remanescente: ainda que os israelitas fossem como a areia do mar, só o remanescente seria salvo e, sem descendentes deixados pelo Senhor dos Exércitos, teriam ficado como Sodoma e semelhantes a Gomorra. Sodoma, cidade no vale de Sidim, foi destruída por fogo do céu, destruição que este capítulo recorda, e não se encontrou vestígio dela nem das outras cidades da planície. O capítulo termina com uma pedra de tropeço posta em Sião, a colina do sudeste de Jerusalém, que Davi tomou dos jebuseus, onde construiu uma cidadela e um palácio, e que se tornou a cidade de Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Isaiah · Sodom · Zion

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 33

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.