Romanos 7
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. 4Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. 5Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. 6Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
7Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. 8Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. 9Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. 10Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. 11Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
13Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
Você sabia?
A autoridade da lei e o conflito interior
- Este capítulo afirma que a lei tem autoridade sobre uma pessoa apenas enquanto essa pessoa vive. Explica isso com o casamento: a mulher está ligada pela lei ao marido enquanto ele vive, mas, se ele morre, ela é libertada da lei do casamento e não é chamada de adúltera mesmo que se case com outro homem. O autor diz então que seus irmãos também morreram para a lei por meio do corpo de Cristo, para pertencer àquele que foi ressuscitado dentre os mortos, dar fruto para Deus e servir no novo caminho do Espírito, e não no antigo caminho do código escrito.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quando o autor pergunta se a lei é pecado, ele responde: "Certamente que não!" Diz que não teria tido consciência da cobiça se a lei não tivesse dito: "Não cobiçarás", e que o pecado, apoderando-se da oportunidade por meio do mandamento, produziu nele todo tipo de desejo cobiçoso. Ele chama a lei de santa, e o mandamento de santo, justo e bom, ao mesmo tempo que afirma que o pecado produziu morte nele por meio do que era bom, para que o pecado fosse exposto como pecado e se tornasse totalmente pecaminoso.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor diz que a lei é espiritual, mas que ele não é espiritual, vendido como escravo ao pecado: não faz o bem que quer e continua fazendo o mal que odeia. No seu ser interior, ele se deleita na lei de Deus, mas outra lei em ação no seu corpo guerreia contra a lei da sua mente e o mantém cativo da lei do pecado que habita nele. Ele pergunta quem o resgatará deste corpo de morte, dá graças a Deus por meio de Jesus Cristo, nosso Senhor, e conclui que, com a mente, serve à lei de Deus, mas, com a carne, serve à lei do pecado.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org