Nations Bible

Apocalipse 15

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.

2Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.

3Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

O Senyè, Bondye Toupwisan an!

Jis e vrè, se chemen Ou yo,

Wa a nasyon yo.

4Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

epi bay glwa a non Ou?

Paske se Ou sèl ki sen.

Paske tout nasyon yo va vini

pou adore devan Ou.

Paske zèv ladwati Ou yo,

Ou gen tan revele.”

5Apre bagay sa yo, mwen te gade, e tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri. 6Konsa, sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.

7Answit, youn nan kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.

8Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.

Você sabia?

O cântico e as sete pragas finais

  • Apocalipse 15 começa com um sinal no céu: sete anjos com as sete pragas finais, pelas quais, segundo o texto, se completa a ira de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Junto a um mar de vidro misturado com fogo estão os que tinham vencido a besta, a sua imagem e o número do seu nome. Eles seguram harpas que vêm de Deus e cantam o cântico do servo de Deus, Moisés, e do Cordeiro.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O templo no céu, chamado tabernáculo do Testemunho, é aberto, e dele saem sete anjos vestidos de linho limpo e brilhante, cingidos com cintos de ouro. Um dos quatro seres viventes entrega-lhes sete taças de ouro cheias da ira de Deus, e a fumaça da glória e do poder de Deus enche o templo, de modo que ninguém pode entrar até que as pragas se completem.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.