Apocalipse 10
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
2Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. 3Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
4Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
5Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la, 6e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, 7men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
8Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
9Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
10Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
11Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”

Você sabia?
O anjo, os trovões selados e o rolo
- Um anjo forte desce do céu, envolto numa nuvem, com um arco-íris sobre a cabeça, o rosto como o sol e as pernas como colunas de fogo. Traz na mão um pequeno rolo aberto e põe o pé direito sobre o mar e o pé esquerdo sobre a terra.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quando o anjo clama como um leão que ruge, sete trovões fazem ouvir a sua voz. O narrador está prestes a escrever o que disseram, mas uma voz do céu ordena que isso seja selado e não seja escrito. De pé sobre o mar e sobre a terra, o anjo levanta a mão direita ao céu e jura por aquele que vive para todo o sempre, que criou o céu e tudo o que nele há, a terra e tudo o que nela há, e o mar e tudo o que nele há, que não haverá mais demora, mas que, nos dias em que o sétimo anjo estiver para tocar a trombeta, o mistério de Deus se cumprirá, como ele anunciou a seus servos, os profetas.Fontes: o próprio texto bíblico
- Uma voz do céu manda o narrador tomar da mão do anjo o pequeno rolo aberto. O anjo diz que o coma e avisa que será doce como mel na boca, mas amargo no estômago. O narrador o come e assim o experimenta, e depois lhe dizem que deve profetizar de novo sobre muitos povos, nações, línguas e reis.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org