Nations Bible

Salmos 89

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la

1Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.

Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.

2Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a

va kanpe dyanm jis pou tout tan.

Ou te etabli syèl yo.

Fidelite Ou rete nan yo.

3“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen an.

Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,

4‘Mwen va etabli jèm ou nèt

e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan

5Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,

ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.

6Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a?

Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,

7Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo,

e mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?

8O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki

tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?

Anplis, fidelite Ou antoure Ou.

9Ou domine ògèy lanmè a.

Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.

10Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte)

tankou yon moun ki fin touye.

Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.

11Syèl yo se pou Ou.

Tè a se pa Ou tou.

Lemond ak tout sa ki ladann,

se Ou menm ki te etabli yo.

12Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo.

Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.

13Ou gen yon men byen fò.

Men dwat Ou leve byen wo.

14Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an.

Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.

15A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!

O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.

16Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen,

e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.

17Paske Ou se glwa a fòs yo,

e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.

18Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a,

e wa nou an se Sila Ki Sen An Israël la.

19Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo.

Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan.

Mwen te fè leve yon jennonm ki te chwazi pami pèp la.

20Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an.

Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.

21Avèk li menm, men M va vin etabli.

Anplis, bra M va ranfòse li.

22Lènmi an p ap twonpe li.

Ni fis a mechanste a p ap aflije li.

23Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l,

e frape sila ki rayi li yo.

24Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li.

Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.

25Mwen va osi mete men li sou lanmè a,

ak men dwat li sou rivyè yo.

26Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m,

Bondye m Wòch a sali mwen an.

27Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen,

pi wo pami tout wa latè yo.’

28Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan,

e akò Mwen va konfime a li menm.

29Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan,

e twòn li tankou jou syèl yo.

30Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, e

pa mache nan jijman Mwen yo,

31si yo vyole règleman Mwen yo, e

pa kenbe kòmandman Mwen yo,

32alò Mwen va pini transgresyon yo

avèk yon baton,

e inikite yo avèk kout fwèt.

33Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li,

ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.

34Mwen p ap vyole akò mwen an,

ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.

35Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen,

Mwen p ap manti a David.

36Desandan li yo va dire jis pou tout tan,

e twòn li va tankou solèy la devan M.

37Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan,

temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”

38Men koulye a Ou vin refize ak rejete,

Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.

39Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a.

Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.

40Ou te kraze tout miray li yo.

Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.

41Tout moun ki pase akote piyaje li.

Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.

42Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo.

Ou te fè lènmi li yo rejwi.

43Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e

fè l pa kanpe pou batay la.

44Ou te fè mayifisans li vin kraze fini e

te jete twòn li jis atè.

45Ou te fè jou a jenès li yo vin kout.

Ou te kouvri li ak gwo wont.

46Jiskilè, O SENYÈ?

Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan?

Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?

47Sonje longè lavi mwen genyen

tèlman kout ke li tankou yon foli!

Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!

48Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò?

Èske li kab delivre nanm li de pouvwa

sejou lanmò a? Tan

49Kote lanmou dous Ou te konn genyen an, O SENYÈ?

Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a?

50Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo,

jan mwen pote nan lestonmak mwen,

repwòch a tout nasyon pwisan yo,

51Avèk sila, lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ.

Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.

52Beni se SENYÈ a pou tout tan!

Amen, e Amen.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A aliança com Davi e a coroa caída

  • Atribuído a Etã, o ezraíta, o Salmo 89 recorda a aliança perpétua de Deus prometendo firmar o trono do rei Davi para sempre, ao mesmo tempo em que lamenta a posterior derrota do governante davídico e a destruição de suas fortalezas.Fontes: David · o próprio texto bíblico
  • O nome Raabe no versículo 10 é um termo poético que significa insolência ou orgulho, empregado na poesia bíblica para representar o império do Egito.Fontes: Rahab · o próprio texto bíblico
  • O versículo 12 une poeticamente o monte Tabor, um pico cônico proeminente a oeste do mar da Galileia, ao monte Hermom, a imponente cordilheira no limite norte de Canaã, como símbolos da criação celebrando o poder divino.Fontes: Tabor (Mountain) · Hermon · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 12
  • Mount Tabor · Hoje: Jebel et Tur · 32.686, 35.393 · versículo 12

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.