Nations Bible

Salmos 78

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

Yon Sòm a Asaph

1Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen.

Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.

2Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl.

Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,

3ke nou te tande, konnen e ke

papa zansèt nou yo te fè nou konprann.

4Nou p ap kache yo a pitit nou yo,

men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,

fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.

5Paske Li te etabli yon temwayaj

nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,

sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo

pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.

6Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.

Menm pou sila ki poko fèt yo,

pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,

7pou yo kab mete konfyans yo

nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,

men kenbe kòmandman Li yo.

8Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,

yon jenerasyon tèt di e rebèl,

yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,

ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.

9Fis a Éphraïm yo ki konn tire flèch, te pote banza yo.

Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.

10Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye

e te refize mache nan lalwa Li.

11Yo te bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.

12Li te fòje mirak yo devan zansèt yo,

nan peyi Égypte la ak nan chan Tsoan an.

13Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann.

Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.

14Apre, Li te dirije yo avèk nwaj

nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.

15Li te fann wòch yo nan dezè a

e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.

16Li te fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la,

e te fè dlo desann tankou larivyè.

17Sepandan, yo te kontinye peche kont Li,

e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.

18Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv

lè yo te mande manje selon dezi yo.

19Wi, yo te pale kont Bondye.

Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?

20Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo

kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde.

Èske Li kapab bay pen tou?

Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”

21Pou sa, SENYÈ a te tande e te ranpli ak kòlè.

Konsa, yon dife te limen kont Jacob,

e chalè te monte tou kont Israël.

22Paske yo pa t kwè nan Bondye,

e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.

23Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.

24Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo,

pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.

25Lòm te manje manje a zanj yo.

Li te voye manje ba yo an abondans.

26Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li,

Li te dirije van sid la.

27Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè,

menm zwazo ak zèl tankou sab lanmè.

28Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.

29Konsa, yo te manje vant plen,

e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.

30Avan, yo te satisfè dezi yo,

pandan manje a te toujou nan bouch yo,

31kòlè Bondye te leve kont yo e

te touye kèk nan pi vanyan pami yo.

Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.

32Malgre tout sa, yo te peche toujou,

e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.

33Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal,

e ane yo nan laperèz sibit.

34Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li.

Yo te retounen chache Li ak dilijans.

35Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, redanmtè yo.

36Men yo te twonpe Li ak bouch yo.

Yo te manti a Li ak lang yo.

37Paske kè yo pa t fèm vè Li menm,

ni yo pa t fidèl selon akò Li.

38Men Li menm, akoz mizerikòd Li,

te padone inikite yo, e pa t detwi yo.

Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.

39Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye,

yon van pase ki pa retounen ankò.

40Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a,

e te fè L soufri lapèn la nan savann nan!

41Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv,

epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.

42Yo pa t sonje pwisans Li,

ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,

43lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte

ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.

44Li te chanje rivyè yo an san.

Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.

45Li te voye pami yo mouch

an gran kantite ki te devore yo,

avèk krapo ki te detwi yo.

46Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a,

ak pwodwi travay yo a krikèt la.

47Li te detwi chan fwi yo ak lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.

48Li te bay bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.

49Li te voye sou yo chalè kòlè Li,

gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub,

ak yon bann zanj ki pou detwi yo.

50Li te fè yon chemen pou lakòlè Li.

Li pa t epagne nanm yo de lanmò,

men te bay lavi yo a gwo fleyo.

51Li te frape di tout premye ne an Égypte yo,

premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.

52Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton.

Li te dirije yo nan dezè a tankou yon twoupo.

53Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.

54Konsa, Li te mennen yo nan peyi sen Li an,

vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.

55Anplis, li te chase nasyon yo devan yo,

te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e

te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.

56Sepandan, yo te tante e fè rebèl kont Bondye Pi Wo a,

e pa t kenbe temwayaj Li yo,

57men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo.

Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.

58Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo,

e te fè L jalou avèk imaj taye yo.

59Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè,

e te vin deteste Israël anpil.

60Jiskaske Li te abandone abitasyon

Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,

61e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite,

glwa Li nan men advèsè a.

62Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e

te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.

63Dife te devore jennonm Li yo e

vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.

64Prèt Li yo te tonbe pa nepe e

Vèv Li yo pa t kab kriye.

65Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye,

tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.

66Li te pouse advèsè Li yo fè bak.

Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.

67Anplis, Li te rejte tant Joseph la,

ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.

68Men Li te chwazi tribi Juda a,

Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.

69Li te bati sanktyè Li tankou wotè mòn yo,

tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.

70Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a.

Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,

71sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris,

Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a,

avèk Israël, eritaj Li a.

72Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l,

e te gide yo avèk men abil li.

Você sabia?

A fidelidade de Deus e a história de Israel

  • O cabeçalho atribui este salmo a Asafe, um músico levita e vidente durante o reinado do rei Davi. A composição revisita séculos da história de Israel para instruir as futuras gerações a não repetirem a infidelidade de seus antepassados.Fontes: Asaph (Levite) · o próprio texto bíblico
  • O salmo menciona duas vezes os prodígios realizados na região ou campos de Zoã. Zoã era uma antiga cidade situada no braço tanítico do Nilo, no Egito, mais tarde chamada pelos gregos de Tânis.Fontes: Zoan · o próprio texto bíblico
  • O poema traça uma importante transição histórica dos santuários do norte para Jerusalém, destacando que Deus abandonou o tabernáculo em Siló, em Efraim, e escolheu o monte Sião em Judá, chamando Davi do pastoreio de ovelhas para liderar a nação.Fontes: Shiloh · Mount Zion · David · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 12, 43, 51
  • Zoan · Hoje: Tanis · 30.977, 31.880 · versículos 12, 43
  • Ham · Hoje: Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 51
  • Shiloh · Hoje: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículo 60
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 68

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.