Salmos 7
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
1O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache.
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
2sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon,
epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
3O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,
si gen enjistis nan men m,
4si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,
oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,
5kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen
jiskaske li pran l,
epi kite li foule lavi mwen jis atè.
Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a. Tan
6Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;
leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo.
Leve Ou menm pou mwen;
Ou menm ki te etabli jijman an.
7Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou.
Gouvènen yo, depi an wo.
8Se SENYÈ a ki jije pèp yo.
Fè m jistis O SENYÈ,
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
9Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki fè prèv
nan kè avèk panse moun.
10Boukliye mwen se avèk Bondye,
ki sove sila ki dwat yo.
11Bondye se yon jij ki jis
e ki rayi enjistis chak jou.
12Si yon nonm pa repanti, L ap file nepe Li.
Li deja koube banza Li; Li prèt.
13Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.
Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
14Gade byen, l ap lite nan mechanste.
Wi, li plante jèm mechanste a,
epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.
15Li te fouye yon twou, kreve l nèt,
e vin tonbe nan twou ke li te fè a.
16Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,
e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
17Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

Você sabia?
Salmo 7: Um Apelo ao Justo Juiz
- O salmo começa com o título 'Um sigaiom de Davi', cantado por causa das 'palavras de Cuxe, o benjamita', uma figura mencionada apenas neste cabeçalho no contexto de acusações hostis.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmista faz um juramento formal de inocência, declarando que, se tiver feito o mal a um aliado ou saqueado um adversário sem motivo, aceita ser alcançado e pisoteado por seus perseguidores.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto descreve a justiça divina por meio da imagem do retorno da própria maldade, mostrando que o ímpio cava uma cova e nela cai, recaindo a sua própria violência sobre a sua cabeça.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org