Salmos 62
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David
1Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye.
Sali m se nan Li.
2Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Menm gwo sò p ap boulvèse m.
3Pou jiskilè, nou va atake yon nonm?
Alò, èske nou ta touye li, nou tout,
tankou yon miray k ap panche?
Tankou yon kloti k ap kraze?
4Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li.
Yo pran plezi nan tout sa ki fo.
Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
5Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye.
Paske espwa mwen se nan Li.
6Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Mwen p ap ebranle menm.
7Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.
Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
8Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.
Vide kè nou devan Li.
Bondye se yon refij pou nou.
9Moun nan pozisyon ba yo se sèl yon souf nan van.
Moun ki plase wo yo se manti.
Nan pèz balans yo, se monte, yap monte.
Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
10Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.
Ni pa mete fo espwa nan vòlè.
Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
11Yon fwa, Bondye te pale.
De fwa, mwen gen tan tande sa:
Ke pouvwa, se pou Bondye.
12Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè.
Paske Ou bay rekonpans a lòm selon
zèv li yo.

Você sabia?
Somente Deus como Rocha e Refúgio
- O cabeçalho do salmo direciona o cântico ao regente do coro e o associa a Jedutum, um líder musical no antigo culto de Israel, bem como a Davi.Fontes: o próprio texto bíblico
- Para destacar a fragilidade e a falsidade humanas, o salmista contrasta Deus como uma rocha e fortaleza inabaláveis com inimigos comparados a uma parede inclinada, uma cerca prestes a cair e um mero vapor pesado na balança.Fontes: o próprio texto bíblico
- A expressão 'Deus falou uma vez; duas vezes ouvi isto' reflete um recurso poético hebraico comum, o paralelismo numérico progressivo, usado para enfatizar a certeza e a relevância de uma mensagem.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org