Salmos 59
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
1Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
2Delivre m de sila ki fè inikite yo,
e sove mwen de moun ki vèse san yo.
3Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m.
Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,
pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
4Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an.
Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
5Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,
leve e pini tout nasyon yo.
Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan
6Yo retounen nan aswè.
Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.
7Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.
Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:
“Kilès ki tande”?
8Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo!
Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
9O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.
Bondye se sitadèl mwen.
10Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.
Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.
11Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye.
Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,
O SENYÈ, boukliye nou an.
12Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,
Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.
Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
13Detwi yo nan kòlè Ou!
Detwi yo pou yo disparèt nèt.
Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,
jis rive sou tout latè. Tan
14Kite yo retounen nan aswè.
Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
15Y ap gaye toupatou.
Yap tann tout lanwit si yo pa satisfè.
16Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

Você sabia?
Um Cântico de Livramento da Emboscada
- O cabeçalho associa este salmo ao momento em que o rei Saul enviou homens armados para vigiar a casa de Davi a fim de matá-lo, ocasião em que Davi afirmava sua inocência de qualquer rebelião.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo compara repetidamente os perseguidores a cães ferozes e famintos que rondam as ruas da cidade ao entardecer em busca de alimento, ilustrando vividamente a hostilidade ao seu redor.Fontes: o próprio texto bíblico
- O texto é classificado como um Mictão e indicado para ser cantado ao som da melodia 'Não Destruas', entregue ao regente do coro para uso litúrgico.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org