Salmos 57
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
3Li va voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4Nanm mwen rete pami lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
6Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li. Tan
7Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
Você sabia?
Refúgio e Louvor na Caverna
- O cabeçalho associa esta oração à fuga de Davi do rei Saul para uma caverna, direcionando-a ao regente do coro com a melodia "Não Destruas" e classificando-a como um "Mictão".Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo contrasta o abrigo protetor das asas de Deus com o perigo de predadores humanos, descrevendo os perseguidores como leões vorazes que preparam redes e covas apenas para cair em suas próprias armadilhas.Fontes: o próprio texto bíblico
- O refrão repetido "Sê exaltado, ó Deus, acima dos céus; cubra a tua glória toda a terra" assinala o momento em que o salmista decide despertar a aurora com harpa, lira e cânticos de louvor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org