Salmos 55
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo
Yon Refleksyon David
1Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye.
Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.
2Prete atansyon a mwen e reponn mwen.
Mwen pa alèz nan plent mwen yo.
Anverite, mwen deranje nèt
3akoz vwa lènmi an,
akoz presyon mechan an.
Paske yo pote twoub desann sou mwen.
Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
4Kè m twouble anndan m.
Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.
5Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen.
Mwen etone jiskaske m debòde.
6Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la!
Konsa, mwen ta sove ale pou twouve repo.
Mwen ta demere nan dezè a.”
7Tande byen, mwen ta rive byen lwen.
Mwen ta ale rete nan savann nan. Tan
8Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la,
kont move tan an.
9Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, divize lang yo,
paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.
10Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo.
Inikite avèk mechanste nan mitan li.
11Destriksyon ladann.
Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.
12Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.
Konsa, mwen ta kab sipòte l.
Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.
Konsa, mwen ta kab kache de li.
13Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
14Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,
ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
15Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.
Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye.
Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.
16Pou mwen, mwen va rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
18Li te rachte nanm mwen anpè,
soti nan batay ki kont mwen an,
malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
19Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,
va tande e reponn yo. Tan
Nan sila pa gen chanjman an.
Yo pa gen krent Bondye a.
20Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.
Li te vyole akò li a.
21Pawòl li te pi dous pase bè,
men ak kè, li te fè lagè.
Pawòl li yo te pi dous pase lwil,
men se nepe rale yo te ye.
22Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
23Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.
Moun ki vèse san e ki bay manti
p ap rive fè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.

Você sabia?
Traição, Conflito na Cidade e Refúgio em Deus
- O salmo destaca a dor singular da traição vinda de um companheiro íntimo em vez de um inimigo declarado. O autor descreve o traidor como um amigo achegado com quem compartilhava doce comunhão e caminhava entre a multidão até a casa de Deus.Fontes: o próprio texto bíblico
- Diante do engano, da opressão e da violência que tomavam conta da cidade, o salmista expressa o desejo de ter asas como uma pomba para fugir para longe e encontrar abrigo no deserto.Fontes: o próprio texto bíblico
- A passagem reflete um padrão dedicado de oração diária em meio à aflição, com o autor declarando que clama a Deus de manhã, ao meio-dia e à noite.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org