Salmos 49
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo
1Tande sa, tout pèp yo!
Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond lan!
2Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
3Bouch mwen va pale sajès,
epi meditasyon a kè m va vin konprann.
4Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb.
Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.
5Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
6Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo,
ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
7nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li,
ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
8Paske redanmsyon nanm li koute chè.
Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
9pou l ta viv toujou jis pou letènite,
pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
10Paske li wè ke menm moun saj yo mouri.
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan.
Yo kite byen yo pou lòt yo.
11Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,
epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo.
Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
12Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire.
Li tankou bèt yo ki peri.
13Konsa, sa se chemen a sila ki manke sajès yo,
ak sila ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
14Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò.
Lanmò va bèje yo.
Moun dwat yo va domine sou yo nan maten.
Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.
15Men Bondye va rachte nanm mwen soti nan
pouvwa a sejou lanmò a,
paske Bondye va resevwa m.
16Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich,
lè glwa lakay li vin ogmante.
17Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale.
Glwa li a p ap swiv li desann.
18Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li—
Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
19li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo.
Yo p ap janm wè limyè a.
20Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li,
poutan, san konprann,
Se tankou bèt ki peri.
Você sabia?
Os limites das riquezas e da sabedoria
- Diferente de muitos salmos que se dirigem a Deus em oração ou louvor, o Salmo 49 começa com um apelo de sabedoria universal a todos os povos, ricos e pobres, propondo um provérbio e um enigma ao som da harpa.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo reflete sobre os limites da riqueza material, explicando que nenhuma quantidade de bens pode pagar a Deus o resgate para livrar alguém da morte ou da corrupção na sepultura.Fontes: o próprio texto bíblico
- O cabeçalho atribui esta composição aos filhos de Corá, descendentes do levita que liderou uma rebelião no deserto e que atuavam na tradição musical de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Korah (Levite)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org