Nations Bible

Salmos 35

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

Yon Sòm David

1Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo.

Goumen ak sila k ap goumen kont mwen yo.

2Pran an men boukliye ak pwotèj la,

epi leve kon sekou mwen.

3Anplis rale lans ak rach batay la pou

rankontre sila k ap kouri dèyè m yo.

Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!

4Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonore.

Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen

Vire do fè bak plen imiliyasyon.

5Kite yo vin tankou pay nan van,

avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.

6Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan,

Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.

7Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen.

San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.

8Kite l fin detwi nèt san l pa konnen.

Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm.

Kite l tonbe nan destriksyon sa a.

9Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a.

Li va leve wo nan delivrans Li.

10Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm?

Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo?

Wi, ak aflije e malere yo k ap soti

nan men a sila menm k ap vòlè yo?”

11Fo temwen sovaj yo leve.

Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.

12Yo remèt mwen mal pou byen,

jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.

13Men pou mwen menm, lè yo te malad,

rad mwen te vin twal sak;

Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn,

epi lapriyè m te kontinye retounen

nan kè m.

14Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen.

Mwen te koube ak gwo tristès,

tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.

15Men moman ke m te chape tonbe a,

yo te rejwi, e te reyini yo ansanm.

San ke mwen pa menm konnen,

agresè sa yo te rasanble kont mwen.

Yo t ap chire m san rete.

16Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo

ta mòde m ak dan yo.

17SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye

gade bagay sa a konsa?

Sove nanm mwen kont ravaj yo,

Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.

18Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a.

Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.

19Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen.

Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.

20Paske yo pa pale lapè,

men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.

21Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen.

Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”

22Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans

O SENYÈ, pa rete lwen m.

23Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen,

Bondye mwen ak SENYÈ mwen.

24Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou.

Pa kite yo rejwi sou mwen.

25Pa kite yo di nan kè yo:

“Men konsa, men sa nou pi pito a!”

Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”

26Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont.

Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.

27Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi.

Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo,

Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”

28Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou

avèk lwanj Ou tout lajounen.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Um Clamor por Livramento contra Acusadores Maliciosos

  • O salmo começa com vívidas imagens militares e de caça, pedindo a Deus que empunhe armas de combate — incluindo escudo, broquel, lança e dardo — contra adversários que armaram redes ocultas e cavaram covas sem motivo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O autor contrasta sua conduta anterior com a crueldade atual dos adversários; quando eles adoeciam, ele praticava costumes de luto e solidariedade, vestindo pano de saco, jejuando e lamentando como se fosse por sua própria mãe ou irmão.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A composição incorpora termos jurídicos, mencionando testemunhas hostis que apresentavam falsas acusações, e termina com a promessa de louvar e agradecer publicamente perante a grande congregação após ser vindicado.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.