Salmos 24
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Yon sòm David
1Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2Li te fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
3Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo,
k ap chache figi Ou—menm Jacob. Tan
7Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa glwa a kapab antre!
8Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a pwisan nan batay la.
9Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa glwa a kapab antre!
10Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame yo!
Se Li menm ki Wa glwa a. Tan.

Você sabia?
O Rei da Glória e o Monte Santo
- O Salmo 24 reflete uma liturgia de entrada em formato de diálogo, na qual arautos clamam para que as portas antigas se abram e os guardiões perguntam quem é o Rei da Glória antes de acolher o Senhor dos Exércitos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo estabelece pré-requisitos morais para subir o monte do Senhor e buscar a face do Deus de Jacó, enfatizando mãos limpas, coração puro e a recusa da idolatria e do engano.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org