Salmos 145
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Yon chan lwanj pa David
1Mwen va leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4Yon jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
6Lèzòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
7Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
11Yo va pale glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12Pou fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou bay yo manje yo nan lè yo.
16Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17Senyè a dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li ak verite yo.
19Li va ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men mechan yo, Li va detwi
21Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.

Você sabia?
Um Cântico de Louvor a um Reino Eterno
- O Salmo 145 é intitulado como um salmo de louvor atribuído a Davi, enfatizando o dever de cada geração de proclamar as obras poderosas e o esplendor divino à geração seguinte.Fontes: o próprio texto bíblico
- O salmo destaca o cuidado universal de Deus por toda a criação, descrevendo como todos os seres vivos dependem Dele para o seu sustento, enquanto Ele sustenta os que caem e Se achega aos que O invocam em verdade.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org