Salmos 140
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.
Delivre m de moun vyolan yo:
2k ap fè manèv mechan nan kè yo.
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
3Yo file lang yo tankou koulèv.
Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
4Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.
Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
5Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.
Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
6Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
7O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,
Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.
8Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
9Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,
pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo.
Kite yo jete nan dife,
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.
Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè jistis pou malere a.
13Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.

Você sabia?
Proteção contra os violentos e enganadores
- O salmo emprega imagens vívidas de antigas práticas de caça, retratando as tramas dos ímpios como laços ocultos, redes estendidas ao longo dos caminhos e armadilhas escondidas (versículos 4–5).Fontes: o próprio texto bíblico
- A fala destrutiva é comparada ao veneno mortal, descrevendo adversários que afiam suas línguas como serpentes e guardam veneno de víbora nos lábios (versículo 3).Fontes: o próprio texto bíblico
- Em meio a ameaças de emboscada e conflito, o salmista retrata Deus como um escudo que cobre a cabeça do guerreiro no dia da batalha, e como o defensor que assegura a justiça aos aflitos e necessitados (versículos 7, 12).Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org