Salmos 132
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,
2jan li te sèmante a SENYÈ a,
e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
3Anverite, mwen p ap antre lakay mwen,
ni kouche sou kabann mwen;
4mwen p ap kite zye m dòmi,
ni pòpyè zye m fèmen,
5jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a,
yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
6Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata,
nou te twouve l nan plèn Jaar a.
7Annou antre nan abitasyon Li a.
Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
8Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,
Ou menm avèk lach fòs Ou.
9Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, e
kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
10Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.
11SENYÈ a te sèmante a David anverite.
Sou sila Li p ap fè bak:
“Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
12Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak
temwayaj ke Mwen va enstwi yo,
fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
13Paske SENYÈ a te chwazi Sion.
Li te vle l pou abitasyon Li.
14“Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan.
Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
15Mwen va beni pwovizyon li ak abondans.
Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
16Anplis, Mwen va abiye prèt li yo ak Sali,
e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
17La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt.
Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.
18Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont.
Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”

Você sabia?
Davi, a Arca e Sião
- Efrata é o nome antigo de Belém de Judá, a região onde Davi passou a juventude cuidando de ovelhas antes de mais tarde buscar a Arca da Aliança.Fontes: Ephrathah · David · o próprio texto bíblico
- O monte Sião, uma colina no sudeste de Jerusalém tomada por Davi dos jebuseus para se tornar a Cidade de Davi, é celebrado no salmo como a morada escolhida por Deus e a sede da dinastia davídica.Fontes: Zion · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Ephrathah · Hoje: Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 6
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 13
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org