Salmos 10
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
2Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3Paske mechan an ap vin ògeye sou dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
5Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
7Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
9Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
10Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11Li pale a tèt li: “Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
12Leve O SENYÈ!
O Bondye, leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede òfelen an.
15Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

Você sabia?
Um clamor por justiça contra os arrogantes
- O Salmo 10 retrata os opressores por meio de imagens vívidas de caçadores e predadores selvagens, comparando-os a um leão à espreita no matagal ou a alguém que arma emboscadas perto de povoados para apanhar os indefesos em uma rede.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os ímpios neste salmo são caracterizados pela crença na total impunidade, supondo falsamente que Deus esconde o rosto, se esquece e jamais lhes pedirá contas por sua violência.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em resposta à injustiça social, o salmista apela a Deus especificamente como o ajudador dos órfãos e o defensor dos oprimidos, pedindo-Lhe que quebre o poder do malfeitor.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org