Provérbios 31
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
2“O fis mwen an!
O fis a vant mwen an!
O fis a ve mwen yo!
3Pa bay fòs ou a fanm,
ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
4Se pa pou wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6Bay bwason fò a sila k ap peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
10Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
13Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14Li tankou bato komès;
li mennen manje li soti byen lwen.
15Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17Li mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
18Li santi ke siksè li bon;
lanp li pa janm etenn lannwit.
19Li lonje men l vè aparèy tise a
e men l kenbe l.
20Li lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.
21Lakay li pa fè krent pou lanèj,
paske tout lakay abiye an wouj.
22Li fè kouvèti pou tèt li;
tout vètman li se twal fen blan ak mov.
23Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo,
lè l chita pami ansyen a peyi yo.
24Li fè vètman an len pou vann yo,
e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25Fòs ak respè se abiman li
e li souri a lavni.
26Li ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
27Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje pen laparès.
28Pitit li yo leve e beni li;
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
29“Anpil fi te fè byen bon;
men ou pi bon anpil pase yo tout.”
30Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
31Ba li sa ke men l te pwodwi,
epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.

Você sabia?
Conselhos a um Rei e a Mulher Nobre
- A identidade histórica do rei Lemuel não é conhecida com certeza fora desta passagem. Seu nome significa dedicado a Deus e, embora a tradição rabínica o tenha identificado com o rei Salomão, o texto o apresenta recebendo instrução moral e orientação sobre liderança justa diretamente de sua mãe.Fontes: Lemuel · Mother of Lemuel · o próprio texto bíblico
- O poema na segunda metade do capítulo descreve uma mulher exemplar que gerencia diversas atividades econômicas, incluindo avaliar e comprar propriedades, plantar uma vinha, produzir tecidos e comerciar com mercadores, enquanto cuida de sua casa e ajuda os pobres.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org