Provérbios 19
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
2Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,
ni pou prese rive fè fo pa.
3Foli a yon nonm fè chemen l gate;
e kè li anraje kont SENYÈ a.
4Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
5Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
6Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;
tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
7Tout frè a malere yo a rayi li;
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.
L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
8Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
9Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
10Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;
bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.
11Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;
se glwa li pou bliye yon transgresyon.
12Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
13Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,
e yon madanm k ap diskite a
se tankou dlo kap degoute san rete.
14Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
15Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
16Sila ki kenbe kòmandman an kenbe nanm li,
men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
17Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
18Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
19Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
20Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
22Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
24Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
25Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;
repwòch a yon moun bon konprann,
va fè l genyen konesans.
26Sila ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
27Sispann koute disiplin, fis mwen an
e ou va pèdi chemen konesans.
28Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;
e bouch mechan an gaye inikite.
29Gen desizyon jijman pou mokè yo;
ak kou pou do a moun ensanse yo.

Você sabia?
Sabedoria sobre Riqueza, Relacionamentos e Caráter
- Provérbios 19 destaca como a posição social afeta as relações humanas, observando que a riqueza atrai muitos companheiros, enquanto os pobres costumam ser abandonados até mesmo por sua própria família. Em contraste com essa atitude humana, a bondade demonstrada aos necessitados é descrita como um empréstimo feito diretamente ao SENHOR, que garante a retribuição.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo emprega imagens vívidas da natureza para descrever a autoridade de um governante, comparando a fúria do rei ao rugido de um leão e seu favor ao orvalho revigorante sobre a relva. No mundo antigo, obter a boa vontade de um monarca era fundamental para proteção e prosperidade.Fontes: o próprio texto bíblico
- Realidades domésticas cotidianas aparecem em provérbios expressivos, como descrever um cônjuge briguento como um gotejar constante e caricaturar o preguiçoso extremo que coloca a mão no prato comum, mas se recusa a levá-la de volta à boca.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org