Provérbios 17
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè
pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
2Yon sèvitè ki aji avèk sajès
va renye sou yon fis ki aji ak wont;
li va pataje eritaj la pami frè yo.
3Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò;
men SENYÈ a ap sonde tout kè.
4Yon malfektè koute lèv mechan yo;
yon mantè prete atansyon a yon lang k ap detwi.
5Sila ki moke malere a moke Kreyatè li;
sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
6Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
7Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,
bokou mwens lèv k ap manti sou yon prens.
8Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li;
nenpòt kote li vire, li byen reyisi.
9Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
10Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan
pase anpil kou sou yon moun ensanse.
11Yon nonm rebèl se mal l ap chache;
konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.
12Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li,
pase yon moun ensanse nan mitan foli li.
13Pou sila ki remèt mal pou byen an,
mal la p ap janm kite lakay li.
14Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo;
konsa, kite kont lan avan l kòmanse.
15Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la;
tou de abominab a SENYÈ a.
16Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a
pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?
17Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
18Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,
e devni responsab nan prezans a vwazen li.
19Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli;
sila ki awogan an, chache gwo dega.
20Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon,
e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
21Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès;
e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
22Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
23Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;
pou l tòde chemen lajistis.
24Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;
men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
25Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,
ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
26Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la,
ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.
27Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.

Você sabia?
Sabedoria para os relacionamentos, a fala e o coração
- As antigas técnicas metalúrgicas usavam cadinhos para a prata e fornalhas de alto calor para o ouro a fim de separar o metal precioso das impurezas. O provérbio utiliza esse processo de refino para ilustrar como o Senhor examina e prova as motivações mais profundas do coração humano.Fontes: o próprio texto bíblico
- A imagem de iniciar uma contenda como o rompimento de uma represa reflete os antigos diques de irrigação e contenção de água. Uma pequena rachadura em uma barragem de terra rapidamente se alarga em uma torrente incontrolável, ilustrando por que os conflitos devem ser contidos antes de se espalharem.Fontes: o próprio texto bíblico
- Na literatura sapiencial bíblica, a moderação na fala e a manutenção de um espírito calmo são marcas essenciais de entendimento. Provérbios observa que o silêncio está tão associado à prudência que até mesmo o insensato que refreia suas palavras pode ser considerado sábio.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org