Provérbios 15
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Yon repons ki dous kalme kòlè;
men yon mo sevè pwovoke gwo fache.
2Lang a saj la gen pou mèt, konesans;
men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.
3Zye a SENYÈ a tout kote;
L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.
4Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;
men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.
5Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
6Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo;
men gwo twoub se salè a mechan an.
7Lèv a moun saj yo gaye konesans;
men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
8Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a;
men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.
9Chemen mechan an abominab a SENYÈ a;
men Li renmen sila ki chache ladwati a.
10Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an;
sila ki rayi korije a va mouri.
11Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a;
konbyen, anplis, pou kè a lòm!
12Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la;
li pa janm ale kote moun saj.
13Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, lespri a vin brize.
14Lespri a moun entèlijan an chache konesans;
men bouch a moun sòt la, manje foli.
15Tout jou aflije yo move;
men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.
16Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
17Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,
pase yon bèf gra ak rayisman.
18Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli;
men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
19Wout a parese a se tankou yon ran pikan;
men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
20Yon fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
21Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan;
men yon nonm ak bon konprann mache dwat.
22San konsèy, plan yo vin jennen;
men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.
23Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,
e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
24Wout lavi a mennen moun saj la anwo,
pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.
25SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a;
men L ap etabli lizyè vèv la.
26Plan mechan yo abominab a SENYÈ a;
men pawòl agreyab yo san tach.
27Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;
men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
28Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons;
men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.
29SENYÈ a lwen mechan an;
men Li tande lapriyè a moun dwat yo.
30Zye klè fè kè kontan;
bòn nouvèl konn mete grès sou zo.
31Zòrèy k ap koute repwòch ap viv;
zòrèy ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
32Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li;
men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.
33Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.
Você sabia?
Palavras, Sabedoria e Paz Interior
- Provérbios 15 dá grande ênfase ao poder das palavras faladas, contrastando respostas brandas e pacificadoras que acalmam conflitos com palavras duras e perversas que provocam ira e abatem o espírito.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo destaca que a paz familiar e a integridade valem mais do que a riqueza material, afirmando que uma refeição simples de verduras onde há amor é melhor do que um boi gordo acompanhado de ódio.Fontes: o próprio texto bíblico
- O autor menciona o Seol e o Abadom, as profundezas do reino dos mortos, para demonstrar que nada está oculto aos olhos de Deus, que conhece plenamente o coração humano.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org