Nations Bible

Provérbios 13

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,

men yon mokè pa koute repwòch.

2Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;

men volonte moun enfidèl se vyolans.

3Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;

sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.

4Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;

men nanm a moun dilijan an vin gra.

5Yon nonm dwat rayi sa ki fo;

men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.

6Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;

men mechanste fè pechè a vin souye nèt.

7Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;

yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.

8Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;

men malere a pa tande menas.

9Limyè a moun dwat la se rejwisans;

men lanp a mechan an va etenn.

10Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;

men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.

11Richès ki sòti nan manti koule ale;

men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

12Lespwa jennen fè kè a malad;

men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.

13Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwè a;

men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.

14Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi

pou detounen pèlen lanmò a.

15Bon konprann pwodwi favè;

men chemen moun ki pa fidèl la di.

16Tout moun ki pridan aji ak konesans;

men yon moun san konprann parèt ak foli li.

17Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;

men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon

18Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;

men sila ki konsidere repwòch la va onore.

19Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan,

men moun bèt pa vle kite mechanste.

20Sila ki mache ak moun saj va vin saj;

men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.

21Se malè ki kouri dèyè pechè yo;

men moun dwat yo va pwospere.

22Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;

men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.

23Gen anpil manje nan tè malere a;

men li fin bale nèt akoz enjistis.

24Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

25Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;

men vant mechan an toujou gen bezwen.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Sabedoria sobre Riqueza, Palavras e Companhias

  • Provérbios 13 explora as ilusões e realidades sociais da riqueza, observando que alguns fingem ser ricos sem nada ter, enquanto outros fingem ser pobres, possuindo grandes bens. Também destaca que grandes riquezas podem expor uma pessoa a ameaças e resgates, ao passo que os pobres são poupados desses perigos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo emprega imagens orgânicas vívidas para retratar os benefícios emocionais e práticos da sabedoria. O anseio realizado é comparado a uma árvore da vida, e a instrução dos sábios é chamada de fonte de vida que afasta o indivíduo das armadilhas da morte.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O caráter e o destino de alguém são apresentados como moldados pelas companhias e pela fala. Caminhar com os sábios produz sabedoria, enquanto andar com tolos leva à ruína; do mesmo modo, guardar cuidadosamente as palavras protege a vida, ao passo que a fala precipitada atrai destruição.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.