Filipenses 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm. 8Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
12Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven. 17Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. 20Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. 21Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. 22Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. 23Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. 24Men mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
25Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li, 30paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
Você sabia?
Unidade e a humildade de Cristo
- Timóteo era um jovem discípulo e companheiro de Paulo em muitas viagens, e Paulo o chamava de seu próprio filho na fé; o nome Timotheus é explicado como “Honrando a Deus”. Em Filipenses 2, Paulo diz que não tem ninguém como Timóteo, alguém que cuide de verdade das necessidades dos filipenses, e que Timóteo serviu com ele como um filho com o pai, para o avanço do evangelho.Fontes: Timotheus · o próprio texto bíblico
- Em Filipenses 2, Paulo envia de volta Epafrodito, a quem chama de irmão, colaborador e companheiro de lutas, e também de mensageiro dos filipenses e daquele que cuidava das necessidades de Paulo. Epafrodito estivera doente, quase à morte, e Paulo diz que ele arriscou a vida pela obra de Cristo para suprir o serviço que os filipenses não podiam prestar pessoalmente.Fontes: o próprio texto bíblico
- Em Filipenses 2, Paulo pede aos filipenses que tenham o mesmo modo de pensar que houve em Cristo Jesus: existindo na forma de Deus, ele não considerou o ser igual a Deus algo a que se apegar, mas esvaziou-se, tomou a forma de servo e tornou-se obediente até a morte, e morte de cruz. O capítulo diz que, por isso, Deus o exaltou e lhe deu o nome que está acima de todo nome, para que toda língua confesse que Jesus Cristo é Senhor, para a glória de Deus Pai.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org