Nations Bible

Números 34

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.

3“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. 4Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. 5Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè.

6“‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.

7“‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. 8Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. 9Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.

10“‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. 11Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la. 12Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”

13Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. 14Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. 15De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”

16Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. 18Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.

19“Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.

20“Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.

21“Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. 22Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.

23“Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.

24“Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.

25“Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.

26“Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.

27“Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.

28“Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”

29Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Fronteiras e Líderes da Terra Prometida

  • Números 34 detalha as fronteiras geográficas da terra de Canaã, utilizando pontos de referência naturais como o Mar Salgado, o Grande Mar (o Mediterrâneo), um Monte Hor ao norte e o Rio Jordão.Fontes: o próprio texto bíblico · Canaan · Great Sea · Mount Hor
  • Essa divisão territorial destinava-se a nove tribos e meia, pois as tribos de Rúben, Gade e a meia tribo de Manassés já haviam recebido sua herança a leste do Rio Jordão.Fontes: o próprio texto bíblico · Reuben · Gad
  • Para supervisionar a distribuição da terra por sorteio, Deus designou o sumo sacerdote Eleazar e Josué, filho de Num, acompanhados por um líder nomeado de cada uma das tribos restantes, incluindo Calebe por Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Eleazar · Joshua

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 2, 29
  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 3
  • Salt Sea · Hoje: Dead Sea · 31.500, 35.500 · versículos 3, 12
  • Zin · Hoje: Zin Desert · 30.971, 35.325 · versículo 3
  • Great Sea · Hoje: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículos 5, 6, 7
  • Shepham · Hoje: within 100 km of Hermel · 34.397, 36.387 · versículos 10, 11
  • Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 11
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 12, 15
  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 15

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.