Números 32
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè tèren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt. 2Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo, 3“Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon, 4peyi ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.” 5Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”
6Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la? 7Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a? 8Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Kadès-Barnéa pou wè peyi a. 9Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.
10“Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di: 11‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt, 12sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’ 13Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
14“Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël. 15Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.” 16Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo; 17men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo. 18Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo. 19Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”
20Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a, 21epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain an devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li, 22epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.
23“Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou. 24Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e fè sa ke nou te pwomèt yo.”
25Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a. 26Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo; 27pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.”
28Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo. 29Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon. 30Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”
31Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè. 32Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.” 33Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, tèritwa pa yo, vil a tèritwa ki te antoure yo.
34Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Aroër, 35Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha, 36Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton. 37Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm, 38Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
39Fis a Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo. 40Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann. 41Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr. 42Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.

Você sabia?
O assentamento a leste do Jordão
- As tribos de Rúben e Gade possuíam rebanhos muito numerosos e pediram para se estabelecer nas férteis pastagens de Jazer e Gileade, a leste do rio Jordão. De início, Moisés temeu que o pedido desanimasse as outras tribos, lembrando como o relatório infiel dos espias em Cades-Barneia causou quarenta anos de peregrinação no deserto.Fontes: o próprio texto bíblico · Gad · Gilead
- Para resolver a questão, Rúben e Gade propuseram construir currais para os seus animais e cidades fortificadas para as suas famílias, enquanto os seus homens armados cruzariam o Jordão à frente dos outros israelitas para lutar até o fim da conquista.Fontes: o próprio texto bíblico
- Moisés concordou e dividiu os territórios conquistados dos reis amorreus Seom e Ogue entre Rúben, Gade e a meia tribo de Manassés. Os descendentes de Maquir, filho de Manassés, expulsaram os amorreus restantes para ocupar Gileade, enquanto outros clãs tomaram e renomearam povoados vizinhos.Fontes: o próprio texto bíblico · Machir
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 1, 26, 29, 39, 40, 41
- Beon · Hoje: Ma‘in · 31.680, 35.735 · versículo 3
- Dibon · Hoje: Tall Dhiban · 31.502, 35.777 · versículos 3, 34
- Nimrah · Hoje: Tall Bleibel · 31.909, 35.639 · versículo 3
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 5, 19, 21, 22, 29, 32
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 11
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículos 30, 32
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 33
- Havvoth-jair · 32.588, 35.726 · versículo 41
- Nobah · Hoje: Qanawat · 32.756, 36.619 · versículo 42
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org