Nations Bible

Números 30

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a. 2Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.

3“Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li, 4epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe. 5Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.

6“Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a, 7epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe. 8Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.

9“Men yon ve pa yon vèv, oswa yon fanm divòse, tout sa pa sila li te mare tèt li a, va vin kanpe kont li.

10“Si li te fè ve a lakay mari li, oswa li te mare tèt li pa yon angajman avèk yon sèman, 11epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe. 12Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li. 13Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li. 14Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a. 15Men si li, vrèman, anile yo apre li te tande yo a; alò, mari a va pote koupabilite chaj li.”

16Sa yo se règleman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, antre yon mesye ak madanm li, oswa antre yon papa ak fi ki nan laj jenès li, ki te viv lakay papa li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Leis Sobre Votos e Promessas

  • Moisés transmitiu estes preceitos diretamente aos chefes das tribos de Israel. Segundo essas normas, um homem adulto ficava incondicionalmente obrigado a cumprir todo voto, juramento ou compromisso feito ao Senhor sem quebrar a sua palavra.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O pai ou o marido tinha a autoridade de confirmar ou anular um voto feito por uma filha jovem em sua casa ou por sua esposa. Se o chefe da casa nada dissesse no dia em que soubesse do voto, a promessa permanecia válida; se a proibisse imediatamente, ela ficava desobrigada.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A lei tratava viúvas e mulheres divorciadas de forma distinta das que dependiam de um pai ou marido. Qualquer voto ou compromisso assumido por uma viúva ou mulher divorciada era plenamente obrigatório sobre ela, sem que nenhuma autoridade masculina pudesse anulá-lo.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.