Números 27
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa, 2Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di: 3“Papa nou te mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis. 4Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.”
5Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a. 6SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 7“Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm.
8“Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li. 9Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo. 10Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo. 11Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’”
12Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo. 13Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron. 14Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)
15“Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di: 16Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an, 17ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”
18Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li. 19Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e ba li lòd komisyon an devan zye yo. 20Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm. 21Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”
22Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an. 23Konsa, li te poze men li sou li e te bay li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.

Você sabia?
Herança e a sucessão de liderança
- Quando as cinco filhas de Zelofeade — Macla, Noa, Hogla, Milca e Tirza — solicitaram terras porque o pai havia morrido sem deixar filhos, estabeleceu-se um novo estatuto legal permitindo que filhas herdassem a porção de terra da família.Fontes: Zelophehad · o próprio texto bíblico
- Moisés foi instruído a contemplar a terra prometida a partir dos montes de Abarim antes de sua morte, anunciada em decorrência do ocorrido nas águas de Meribá, em Cades, no deserto de Zim.Fontes: Abarim · Meribah (of Kadesh) · Kadesh · o próprio texto bíblico
- Para garantir que a comunidade não ficasse como ovelhas sem pastor, Moisés impôs as mãos publicamente sobre Josué perante o sacerdote Eleazar e toda a congregação, comissionando-o formalmente como seu sucessor.Fontes: Joshua · Eleazar · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Abarim · 31.754, 35.715 · versículo 12
- Meribah · Hoje: Ain el Qudeirat · 30.648, 34.422 · versículo 14
- Zin · Hoje: Zin Desert · 30.971, 35.325 · versículo 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org