Nations Bible

Números 18

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va pote inikite a pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite a kon prèt. 2Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la. 3Yo va kenbe lòd ou avèk devwa tout asanble a, men yo p ap pwoche veso sanktyè yo avèk lotèl la, pou yo pa mouri; ni yo, ni ou menm. 4Yo va vin jwenn avèk ou, e fè devwa a tant asanble a pou tout sèvis tant lan. Men yon etranje pa pou pwoche prè nou.

5“Konsa nou va fè tout devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo. 6Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a. 7Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène lotèl la, ak tout bagay andedan vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt moun ki pwoche va mete a lanmò.”

8Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan. 9Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo. 10Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.

11“Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.

12“Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo. 13Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.

14“Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou. 15Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson. 16Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.

17“Men premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. 18Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè. 19Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.”

20SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo.

21“A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a. 22Fis a Israël pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri. 23Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj. 24Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’”

25SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 26“Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, yon dim nan dim nan. 27Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an. 28Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la. 29Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’

30“Ou va di yo: ‘Lè nou ofri meyè pati a, li va kalkile a Levit yo kòm pwodwi a ofrann voye anlè glasi a, oswa pwodwi a basen diven an. 31Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a. 32Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Deveres e porções para sacerdotes e levitas

  • Números 18 estabelece um limite claro entre a família sacerdotal de Arão e o restante da tribo de Levi. Enquanto os levitas eram encarregados de auxiliar nas tarefas gerais da Tenda do Encontro, apenas Arão e seus filhos podiam servir junto ao altar e dentro do santuário, sob pena de morte para qualquer pessoa não autorizada.Fontes: o próprio texto bíblico · Aaron · Levi (patriarch)
  • Diferente das outras tribos, os sacerdotes e levitas não receberam herança territorial na terra, pois o próprio Deus declarou ser a porção deles. A família de Arão era sustentada por partes das ofertas sagradas, primícias e valores de resgate dos primogênitos, provisão permanente descrita como uma aliança de sal.Fontes: o próprio texto bíblico · Aaron
  • Os levitas recebiam os dízimos dos israelitas como compensação pelo trabalho na Tenda do Encontro. Por sua vez, eram obrigados a consagrar a melhor décima parte do que recebiam — o dízimo do dízimo — como uma oferta entregue diretamente ao sacerdote Arão.Fontes: o próprio texto bíblico · Aaron

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.