Nations Bible

Números 16

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo, 2epi yo te vin soulve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te chwazi pa asanble a, 3yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”

4Lè Moïse te tande sa, li te tonbe sou figi li. 5Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm. 6Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou. 7Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”

8Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo! 9Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo? 10E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap chache pozisyon prèt la tou? 11Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”

12Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.” 13Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou?

14Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte? 15Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”

16Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron. 17Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.” 18Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron. 19Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a.

Epi glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an. 20SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di: 21“Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.”

22Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”

23SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 24“Pale avèk kongregasyon an e di: ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’”

25Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo. 26Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.” 27Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e fis yo, ansanm ak timoun yo.

28Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti. 29Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen. 30Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”

31Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri. 32Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo. 33Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a. 34Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”

35Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.

36SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 37“Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen. 38Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”

39Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la, 40kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.

41Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”

42Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt. 43Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a. 44Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 45“Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.”

Yo te tonbe sou figi yo. 46Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”

47Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la. 48Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete. 49Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.

50Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Rebelião de Corá e a Intercessão de Arão

  • A revolta contra Moisés e Arão uniu duas facções distintas: Corá, um levita que reivindicava o sacerdócio reservado à linhagem de Arão, e líderes rubenitas como Datã e Abirão, que rejeitavam a liderança civil e a autoridade de Moisés sobre a jornada.Fontes: Korah (Levite) · Dathan · o próprio texto bíblico
  • Depois que os duzentos e cinquenta líderes rebeldes que ofereciam incenso foram consumidos pelo fogo, Eleazar, filho de Arão, recolheu seus incensários de bronze. Esses incensários foram martelados em lâminas para revestir o altar como um lembrete visível de que apenas os descendentes de Arão deveriam queimar incenso perante o Senhor.Fontes: Eleazar · o próprio texto bíblico
  • Quando uma praga mortal atingiu a congregação após o ocorrido, Arão correu para o meio do acampamento com um incensário contendo brasas e incenso. Ao fazer expiação e colocar-se entre os vivos e os mortos, ele conteve a praga.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 13

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.