Marcos 4
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
2Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li; 3“Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn. 4Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
5“Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè. 6Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
7“Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
8“Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
9Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
10Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
11Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
13Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
14“Moun k ap simen an simen pawòl la. 15Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
16“E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa. 17Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.
18“Lòt yo se sila yo ki te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo, 19men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.
20“Sila ki te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
21Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye? 22Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè. 23Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
24E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande. 25Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
26E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
30Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li? 31Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè. 32Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
33Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann. 34Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
35Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”. 36Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
37Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kraze sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt. 38Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
39Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
40Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”
41Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”

Você sabia?
Parábolas do reino à beira do mar
- Marcos 4 começa com Jesus ensinando uma grande multidão a partir de um barco no mar e termina com uma violenta tempestade de vento sobre essa água. Uma cronologia do episódio data essas parábolas à beira-mar e o milagre em um único dia no ano 28 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Seaside Parables and Miracle
- Ao explicar o semeador, Jesus diz que Satanás vem e tira a palavra semeada à beira do caminho. O nome Satanás significa adversário ou acusador e, no Novo Testamento, é usado de modo intercambiável com o diabo mais de trinta vezes.Fontes: o próprio texto bíblico · Satan
- Jesus diz que o reino de Deus é como a semente que brota e cresce enquanto o semeador dorme e acorda, embora ele não saiba como: a terra produz a colheita por si mesma, primeiro o talo, depois a espiga, então o grão que amadurece. Ele também o compara a um grão de mostarda, a menor de todas as sementes semeadas na terra, que se torna a maior de todas as plantas da horta, com as aves fazendo ninho à sua sombra. Ele não dizia nada às multidões sem uma parábola, mas em particular explicava tudo aos seus próprios discípulos.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org