Marcos 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.
2Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.
3Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye. 4Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
5Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”
6Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo: 7“Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
8Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap reflechi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou? 9Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’ 10Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la: 11“Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”
12Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
13Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo. 14Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.
15Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li. 16Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
17Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.
18Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
19Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn. 20Men jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
21“Pèsòn pa koud yon mòso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal. 22E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
23Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
24Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
25Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo? 26Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”
27Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a. 28Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”

Você sabia?
Perdão, um cobrador de impostos e o sábado
- Cafarnaum, a “cidade de Naum”, era uma cidade da Galileia que não é mencionada no Antigo Testamento. O dicionário bíblico de Easton (1897) diz que, depois de Jesus ser expulso de Nazaré, ela se tornou a “sua própria cidade”, o que combina com o relato de Marcos de que o povo soube que ele estava em casa e encheu a casa até não haver lugar nem fora da porta. Quatro homens então destelharam o telhado, abriram uma passagem e desceram um paralítico em sua maca.Fontes: Capernaum · o próprio texto bíblico
- O homem na coletoria era Levi, filho de Alfeu, cobrador de impostos em Cafarnaum. O dicionário bíblico de Easton (1897) diz que ele era conhecido como Levi e adotou o nome Mateus — um nome judeu comum depois do Exílio, que significa “dom de Deus” — possivelmente em grata lembrança do seu chamado. No mesmo dia, segundo o dicionário, ele ofereceu um grande banquete de despedida para Jesus e seus discípulos, e provavelmente para muitos antigos companheiros, o encontro que Marcos descreve com cobradores de impostos e pecadores.Fontes: Matthew · Alphaeus · o próprio texto bíblico
- Questionado porque seus discípulos colhiam espigas no sábado, Jesus falou de Davi entrando na casa de Deus e comendo os pães consagrados, lícitos apenas para os sacerdotes, “durante o sumo sacerdócio de Abiatar”, e compartilhando-os com seus companheiros famintos. O dicionário bíblico de Easton (1897) identifica Abiatar como filho do sumo sacerdote Aimeleque, que escapou quando seu pai e os sacerdotes de Nobe foram mortos, levou o éfode e se juntou a Davi na caverna de Adulão.Fontes: Abiathar · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org