Nations Bible

Marcos 13

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Pandan Li t ap sòti nan tanp lan, youn nan disip Li yo te di Li: “Mèt, gade! A la bèl wòch, e a la bèl konstriksyon!”

2Jésus te di li: “Ou wè gwo konstriksyon sa yo? Pa menm yon wòch va rete sou yon lòt ki p ap dekonble.”

3Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive. 4“Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”

5Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè. 6Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè. 7Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen. 8Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.

9“Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm. 10Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo. 11“Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

12“Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò. 13Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.

14“Men lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo. 15Epi kite sila ki sou do kay yo pa desann antre ladann pou pran anyen nan kay la. 16Epi kite sila ki nan chan an pa retounen pran vètman li. 17Men malè a sila avèk pitit nan vant yo, ak sila ki nouris nan jou sa yo.

18“Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi. 19Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.

20“Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout. 21E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li. 22Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo. 23Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.

24“Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 25Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.

26“Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa. 27Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.

28“Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive. 29Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm. 30Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt. 31Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.

32“Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. 33Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 34Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.

35“Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 37E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A queda do templo e o chamado a vigiar

  • Quando Jesus saía do templo, um discípulo apontou para as pedras e os edifícios magníficos, e Jesus disse que não ficaria pedra sobre pedra; todas seriam derrubadas. Ele estava sentado no monte das Oliveiras, de frente para o templo. O monte das Oliveiras é uma serra a leste de Jerusalém, chamada assim pelas oliveiras que cobrem suas encostas e separada da cidade pelo vale do Cedrom.Fontes: o próprio texto bíblico · Mount of Olives
  • Pedro, Tiago, João e André perguntaram a Jesus em particular quando os grandes edifícios seriam derrubados e qual sinal mostraria que isso estava para se cumprir. André era o irmão mais novo de Pedro; os dois eram pescadores de Betsaida. Tiago, irmão mais velho de João e filho de Zebedeu e Salomé, era pescador em sociedade com Pedro.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · Andrew · James (Son of Zebedee)
  • Jesus disse que, quando se visse a abominação da desolação de pé onde não deveria estar, os que estivessem na Judeia deveriam fugir para os montes: ninguém no telhado deveria voltar para dentro a fim de buscar alguma coisa, e ninguém no campo deveria voltar para pegar o manto. No tempo de Cristo, a Judeia era a mais meridional das três divisões da Palestina, distinta da Galileia e da Samaria; sob os romanos, fazia parte da província da Síria e incluía os territórios de Judá, Benjamim, Dã, Simeão e parte de Efraim.Fontes: o próprio texto bíblico · Judea

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículo 3
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 14

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.