Nations Bible

Marcos 10

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.

2Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.

3Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”

4Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”

5Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a. 6Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl. 7Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li, 8epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”

10Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò. 11E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”

13Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

14Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

16Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

17Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”

18Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

20Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”

21Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”

22Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.

23Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”

24Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a! 25L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”

26Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”

27Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”

28Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”

29Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la, 30men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl. 31Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.

32Yo te sou wout la pou ale Jérusalem e Jésus t ap mache pi devan yo. Yo te etone, e sila ki te swiv yo te pè anpil.

Ankò Li te rele douz yo akote e te kòmanse di yo kisa ki ta vin rive Li.

33“Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo. 34Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”

35Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.

36Li te di yo: “Kisa nou vle M fè pou nou”?

37Yo te di L: “Bannou dwa pou nou kapab chita nan glwa Ou, youn sou bò dwat Ou, e youn sou bò gòch Ou nan glwa Ou.”

38Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”

39Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a. 40Men pou chita bò dwat Mwen, oubyen bò gòch Mwen an, sila a se pa pa M nan pou M ta bay, men se pou sila ke li te prepare yo.”

41Lè yo tande sa, dis lòt yo te kòmanse santi ke yo te mekontan avèk Jacques ak Jean.

42Konsa, Jésus te rele yo a Li menm. Li te di yo: “Nou konnen ke sila ki rekonèt kon chèf pami payen yo domine sou yo, epi gwo chèf yo egzèse otorite sou yo. 43Men li pa konsa pami nou menm, men nenpòt moun ki vle vin gran pami nou, va sèvi nou. 44Nenpòt moun ki vle premye pami nou, va vin esklav a nou tout. 45Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt.”

46Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la. 47Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”

48Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”

49Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.”

Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!” 50Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.

51Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?”

Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”

52Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.”

Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Discipulado e Fé no Caminho para Jerusalém

  • Enquanto Jesus e Seus seguidores viajavam em direção a Jerusalém passando por Jericó, no vale do Jordão, eles encontraram Bartimeu, cujo nome significa filho de Timeu. Sentado à beira do caminho como um mendigo cego, ele clamou repetidamente por Jesus como 'Filho de Davi' antes de recuperar a visão e segui-Lo pela estrada.Fontes: Jericho · Bartimaeus · Timaeus · o próprio texto bíblico
  • Tiago e João, os filhos do pescador galileu Zebedeu, pediram a Jesus os dois lugares de maior honra à Sua direita e à Sua esquerda. Jesus aproveitou o pedido para contrastar os governantes gentios que dominam com autoridade sobre os outros com o reino de Deus, onde quem quiser ser o primeiro deve se tornar servo e escravo de todos.Fontes: James (Son of Zebedee) · John the Apostle · Zebedee · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 17, 32, 33
  • Jericho · Hoje: Tell el Alayiq · 31.852, 35.436 · versículo 46
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 47

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.