Mateus 6
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1“Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
2“Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
5“Lè nou ap fè lapriyè, pa fè l tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe pou fè lapriyè nan sinagòg yo ak nan kwen lari pou moun kapab wè yo. Anverite, Mwen di nou, yo gen tan twouve tout rekonpans yo.
6“Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
7“Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo. 8Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li. 9Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14“Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
16“Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.
17“Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou, 18pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.
19“Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
22“Lanp kò nou se zye nou. Konsa si zye nou klè, tout kò nou ap plen limyè. 23Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb.
“Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!
24“Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
25“Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27“Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30“Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31“Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34“Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

Você sabia?
Justiça em segredo e confiança
- Este capítulo faz parte do Sermão do Monte. Um registro de eventos data esse sermão de 28 d.C. e registra que durou um único dia.Fontes: Sermon on the Mount · o próprio texto bíblico
- Jesus diz para não tocar trombeta nas sinagogas e nas ruas ao dar aos necessitados, como fazem os hipócritas a fim de serem honrados. Ele também adverte contra orar nas esquinas para ser visto e contra jejuar com o rosto desfigurado; em vez disso, descreve orar num quarto interior com a porta fechada e jejuar com a cabeça ungida e o rosto lavado.Fontes: o próprio texto bíblico
- Jesus diz que nem Salomão, em toda a sua glória, se adornou como um dos lírios do campo. Um verbete de dicionário explica que seu nome hebraico, Shelomoh, significa “Pacífico”, que ele era filho de Davi com Bate-Seba e que Natã o chamou de Jedidias, “amado do Senhor”; seu reinado está registrado em 1 Reis 1–11 e 2 Crônicas 1–9.Fontes: o próprio texto bíblico · Solomon
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org