Mateus 28
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
2Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li. 3Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
4Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
5Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7“Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
8Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
9Pandan yo t ap prale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.
Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. 10Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
11Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
15Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
16Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

Você sabia?
A ressurreição e a Galileia
- Maria Madalena, que foi ao túmulo ao amanhecer com a outra Maria, tem um sobrenome derivado de Magdala, o lugar onde nasceu, para distingui-la das outras Marias dos Evangelhos. Um verbete de dicionário considera equivocada a noção de que ela era a mulher chamada pecadora em Lucas 7.Fontes: Mary Magdalene · o próprio texto bíblico
- O anjo e, em seguida, Jesus disseram às mulheres que ele iria adiante dos discípulos para a Galileia, e os onze foram depois a um monte ali que ele havia designado. Os judeus chamavam a região de Galil; como ela permaneceu por muito tempo ocupada por seus habitantes originais, passou a ser chamada Galileia dos gentios e também Alta Galileia, para distingui-la de um amplo acréscimo feito mais tarde em direção ao sul, geralmente chamado Baixa Galileia.Fontes: Galilee · o próprio texto bíblico
- O capítulo registra que alguns dos guardas contaram aos chefes dos sacerdotes o que havia acontecido e que os chefes dos sacerdotes, depois de se reunirem com os anciãos, deram aos soldados uma grande soma em dinheiro para que dissessem que os discípulos vieram de noite e roubaram o corpo enquanto os guardas dormiam. Acrescenta que esse relato tem circulado entre os judeus até o dia de hoje.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org