Nations Bible

Mateus 19

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.

3Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

4Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

7Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

8Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

10Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”

11Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”

13Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

14Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.

16Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”

17Li te di l: “ Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”

18Li te mande Li: “Kilès nan yo?”

Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”

20Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”

21Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”

22Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

23Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”

25Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”

26Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”

27Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”

28Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.

29“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 30Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Casamento, crianças e o custo de seguir

  • Depois de concluir essas palavras, Jesus deixou a Galileia e foi para a região da Judeia além do Jordão, onde grandes multidões o seguiram e ele as curou. Os judeus chamavam a Galileia de Galil; ela também era conhecida como Galileia dos gentios, e a Galileia Superior se distinguia da Inferior. Sob os romanos, no tempo de Cristo, a Judeia era a mais ao sul das três divisões da Palestina, distinta da Galileia e da Samaria, e um relato datado chama esse ensino de ensino na Pereia, com início no ano 30 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Galilee · Judea · Jesus Teaches in Perea
  • Alguns fariseus vieram para pôr Jesus à prova, perguntando se era lícito a um homem divorciar-se da mulher por qualquer motivo, e apelaram à ordem de Moisés de que o homem desse à mulher uma certidão de divórcio e a despedisse. Jesus respondeu que Moisés permitiu o divórcio por causa da dureza de coração deles, embora não fosse assim desde o princípio.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Quando Pedro disse que ele e os outros tinham deixado tudo para seguir Jesus, falava como quem fora preparado para ser pescador. Chamado originalmente Simão, era filho de Jona, e sua cidade natal era Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia, onde fora criado nesse ofício.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 1
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
  • Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 1

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.