Nations Bible

Lucas 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2Li te voye yo ale pou pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.

3Konsa, Li te di yo: “Pa pran anyen pou vwayaj nou, ni yon baton, ni yon sak, ni pen, ni lajan. Pa menm pote yon dezyèm vètman. 4Nan nenpòt kay ke nou antre, rete la jiskaske nou kite vil sa a. 5Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”

6Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.

7Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo. Konsa, li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.

8Selon kèk lòt Élie ki vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.

9Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.

10Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a.

Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.

11Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè.

Li te kòmanse pale avèk yo sou wayòm syèl la, e te fè gerizon pou sila yo ki te bezwen geri.

12Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”

13Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.” 14(Paske te gen anviwon senk-mil moun.)

Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”

15Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.

16Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.

17Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.

18Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”

19Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”

20Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”?

Pierre te reponn. Li te di: “Kris a Bondye a.”

21Men Li te avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.

22Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”

23Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 24Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.

25“Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tout lemonn, e vin pèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?

26“Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.

27“Men Mwen di nou anverite, gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”

28Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.

29Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan. 30Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie, 31ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.

32Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin lou ak dòmi. Men lè zye pa yo te vin ouvri, yo te wè glwa Li ak de zòm sa yo ki te kanpe avè L. 33Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.

34Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme. Li te pase yon lonbraj sou yo, epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.

35Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”

36Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.

37Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li. 38Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen. 39Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”

41Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”

42Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.

43Yo tout te etone akoz grandè Bondye.

Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo: 44“Kite pawòl sa yo penetre nan zòrèy nou; paske Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm.”

45Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.

46Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.

47Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li. 48Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”

49Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”

50Men Jésus te di l: “Pa anpeche li paske sila ki pa kont nou an pou nou.”

51Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem. 52Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a Samariten yo, pou fè aranjman pou li.

53Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.

54Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”

55Men Li te vire e te reprimande yo: “Nou pa konnen de ki kalite lespri nou ye; 56paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.

57Pandan yo t ap prale akote wout la, yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”

58Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”

59Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”.

Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”

60Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, ale pwoklame toupatou wayòm Bondye a.”

61Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”

62Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Missão, identidade e o caminho para Jerusalém

  • Herodes, o tetrarca, perplexo com o que se dizia de Jesus, é Herodes Antipas, filho de Herodes com Malthace. Ele disse que tinha decapitado João, enquanto alguns afirmavam que João havia ressuscitado dos mortos, outros que Elias, o tesbita, o "Elias" do Novo Testamento, tinha aparecido, e outros ainda que um antigo profeta havia surgido. Uma cronologia desses acontecimentos data a decapitação de João em 29 d.C.Fontes: Herod Antipas · Elijah · John Beheaded · o próprio texto bíblico
  • Depois que os apóstolos voltaram, Jesus retirou-se com eles para uma cidade chamada Betsaida, onde acolheu as multidões, falou do reino de Deus e alimentou cerca de cinco mil homens com cinco pães e dois peixes. O dicionário bíblico de Easton (1897) situa essa Betsaida no lado leste do lago, a duas milhas rio Jordão acima, na região de Gaulonitis; Filipe, o tetrarca, ampliou-a e chamou-a Julias, por causa da filha do imperador. Alguns supuseram que havia apenas uma Betsaida, construída dos dois lados do lago, perto de onde o Jordão nele entra; o verbete identifica as ruínas como et-Tel.Fontes: Bethsaida · o próprio texto bíblico
  • Pedro, chamado originalmente Simão, respondeu que Jesus é "o Cristo de Deus". Cerca de oito dias depois, Jesus levou Pedro, Tiago e João a um monte para orar; Moisés e Elias apareceram em glória e falaram da partida que Jesus estava para cumprir em Jerusalém. Tiago, irmão mais velho de João e pescador em sociedade com Pedro, estava com eles; ele e João eram chamados Boanerges, "filhos do trovão", provavelmente por causa de sua ousadia e energia, e mais tarde perguntaram se deviam fazer descer fogo do céu sobre uma aldeia de samaritanos que não quis receber Jesus, porque ele seguia para Jerusalém.Fontes: Simon Peter · James (Son of Zebedee) · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 7
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 31, 51, 53

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.