Lucas 6
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo. 2Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?”
3Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo? 4Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manje pen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?” 5Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.”
6Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch.
7Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.
8Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.”
Konsa, li te leve vin devan.
9Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?” 10Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!”
Konsa, li te fè l. Epi men l te restore.
11Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.
12Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye. 13Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt: 14Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy; 15Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la; 16Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.
17Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon. 18Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri. 19Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout.
20Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
22“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23“Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske se menm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
24“Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou.
25“Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou.
“Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.
26“Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèk fo pwofèt yo.
27“Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.
29“Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.
30“Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
31“Menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32“Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35“Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vin fis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36“Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
37“Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone.
38“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
39Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èske yon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?
40“Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.
41“Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an? 42Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an.
43“Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi. 44Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan.
45“Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
46“Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di? 47Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble: 48Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
49“Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”

Você sabia?
O sábado, os Doze e a planície
- Num sábado, enquanto Jesus passava pelas plantações, os discípulos colhiam espigas, esfregavam os grãos nas mãos e os comiam, e alguns fariseus disseram que isso era ilícito. Jesus lembrou que Davi e seus companheiros, com fome, comeram o pão consagrado da casa de Deus, permitido apenas aos sacerdotes, e disse que o Filho do Homem é Senhor do sábado. Noutro sábado, restaurou na sinagoga a mão direita atrofiada de um homem, enquanto escribas e fariseus o observavam em busca de um motivo para acusá-lo; uma cronologia data os dois episódios em 28 d.C.Fontes: o próprio texto bíblico · Corn on the Sabbath · Healing a Withered Hand
- Depois de passar a noite em oração no monte, Jesus chamou os discípulos e escolheu doze, aos quais designou apóstolos. Entre eles estavam Simão, a quem deu o nome de Pedro, e André, irmão de Pedro, pescadores de Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia, e Mateus, cobrador de impostos em Cafarnaum, antes conhecido como Levi.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · Andrew · Matthew
- Jesus desceu com eles e parou num lugar plano, onde havia gente da Judeia, de Jerusalém e do litoral de Tiro e Sidom para ouvi-lo e ser curada. Tiro e Sidom eram antigas cidades fenícias no Mediterrâneo; Sidom, a mais antiga, ficava a cerca de vinte e cinco milhas ao norte de Tiro. Uma cronologia data esse ensinamento em 28 d.C. e o intitula Sermão da Montanha, embora a narrativa coloque Jesus em terreno plano depois de descer do monte.Fontes: o próprio texto bíblico · Tyre · Sidon · Sermon on the Mount
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 17
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 17
- Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 17
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 17
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org