Lucas 19
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Li te antre Jéricho e t ap travèse.
2La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. 3Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. 4Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki relesikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.
5Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”
6Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.
7Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”
8Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
9Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham. 10Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
11Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
14“Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
15“Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
16“Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
17“Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
18“Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
20“Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22“Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24“Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
25“Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26“Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
27“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
28Lè L fin pale bagay sa yo, Li te pran devan pou monte vè Jérusalem.
29Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan. 30Li te di: “Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la. 31Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: ‘Senyè a gen bezwen li.’”
32Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.
33Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: “Poukisa nou ap demare jenn bourik la?”
34Yo te di: “Senyè a gen bezwen li.”
35Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.
36Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.
37Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo. 38Yo t ap rele: “Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”
39Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: “Mèt, reprimande disip ou yo!”
40Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”
41Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li. 42Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.
43“Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote. 44Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
45Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo, 46Li te di yo: “Li ekri. ‘Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’”
47Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li. 48Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.

Você sabia?
De Jericó a Jerusalém
- Zaqueu, chefe dos cobradores de impostos e homem muito rico, é descrito como superintendente da alfândega em Jericó. A cidade produzia e exportava então uma quantidade considerável de bálsamo, de modo que o posto aduaneiro era importante e explicaria a sua riqueza. Jericó, “lugar de fragrância”, era uma cidade murada num vasto bosque de palmeiras na planície do Jordão, cerca de cinco milhas a oeste do rio.Fontes: Zacchaeus · Jericho · o próprio texto bíblico
- Ao subir de Jericó, Jesus se aproximou de Betfagé e Betânia, no monte das Oliveiras, na estrada entre as duas cidades. Betânia, cerca de duas milhas a leste de Jerusalém, na encosta sudeste da serra, recebeu o nome das muitas palmeiras que ali cresciam; Betfagé, “casa do figo verde”, ficava perto e marcava o limite de uma jornada de sábado a partir de Jerusalém, dois mil côvados. O monte das Oliveiras deve o nome às oliveiras de suas encostas e se ergue a leste de Jerusalém, do outro lado do vale do Cedrom.Fontes: Bethphage · Bethany · Mount of Olives · o próprio texto bíblico
- Ao aproximar-se e ver a cidade, Jesus chorou e lamentou que Jerusalém não tivesse conhecido, naquele dia, o que lhe traria paz. O nome é explicado como “possessão de paz” ou “fundamento de paz”; no original está no dual, provavelmente em referência aos dois montes sobre os quais a cidade foi construída, Sião e Moriá, ou, como alguns supõem, à cidade alta e à cidade baixa. É descrita como uma cidade montanhosa entronizada numa fortaleza de montanha.Fontes: Jerusalem · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jericho · Hoje: Tell el Alayiq · 31.852, 35.436 · versículo 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 11, 28, 41
- Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículos 29, 37
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org