Levítico 17
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2“Pale avèk Aaron, avèk fis li yo e ak tout fis Israël yo. Di yo: ‘Se sa ke SENYÈ a te kòmande e te di: 3“Nenpòt moun ki sòti lakay Israël ki touye yon bèf oswa yon jenn mouton, oswa yon kabrit nan kan an, oswa touye li deyò kan an, 4epi ki pa t pote li nan pòtay tant asanble a pou prezante li kòm yon ofrann a SENYÈ a devan tabènak SENYÈ a, koupabilite vèse san an va kontwole sou moun sila a. Li te vèse san e moun sa a va koupe retire de pèp li a. 5Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a. 6Prèt la va flite san an sou lotèl SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, e li va ofri grès la nan lafimen kòm yon bagay santi bon bay SENYÈ a. 7Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.”’”
8“Epi ou va di yo: ‘Nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami nou yo, ki ofri yon ofrann brile oswa yon sakrifis, 9epi ki pa mennen li nan pòtay tant asanble a pou ofri li bay SENYÈ a, moun sila a osi va koupe retire de pèp li a.
10“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ 11Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an. 12Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’
13“Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, li va vide san li e kouvri li avèk tè. 14Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.
15“Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp. 16Men si li pa lave oswa benyen kò li, li va pote koupabilite li.”

Você sabia?
O abate sacrificial e a santidade do sangue
- O Levítico determina que animais domésticos como bois, cordeiros e bodes fossem levados diretamente à entrada da Tenda do Encontro, em vez de serem abatidos em campo aberto. Essa norma garantia que os sacrifícios fossem oferecidos exclusivamente como ofertas de paz ao SENHOR e impedia sacrifícios ilícitos a demônios em forma de bode.Fontes: o próprio texto bíblico
- Tanto os israelitas nativos quanto os estrangeiros residentes eram estritamente proibidos de comer sangue, sob pena de serem eliminados da comunidade. O texto fundamenta essa lei no princípio teológico de que a vida da carne está no sangue, o qual Deus designou especificamente para fazer expiação sobre o altar.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quando caçavam animais selvagens ou aves permitidas para alimentação, os israelitas e estrangeiros deviam drenar o sangue na terra e cobri-lo com pó. Essa instrução reforçava que a vida pertence a Deus e preservava a santidade do sangue fora do santuário sacrificial.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org