Levítico 11
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo: 2“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo. 3Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.
4“‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 5Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou; 6Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 7Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou. 8Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.
9“‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo. 10Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou. 11Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo. 12Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.
13“‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè, 14malfini, karanklou avèk tout espès li yo, 15kòbo, avèk tout espès li yo, 16otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo, 17koukou, plonjon ak frize, 18gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt, 19sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.
20“‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou. 21Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a. 22Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo. 23Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.
24“‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè. 25Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
26“‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp. 27Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè. 28Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.
29“‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo, 30zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon. 31Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè. 32Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò. 33Osi, pou nenpòt veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a. 34Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp. 35Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou. 36Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp. 37Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp. 38Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou.
39“‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè. 40Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
41“‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje. 42Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab. 43Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp. 44Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè. 45Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
46“‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè, 47pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”

Você sabia?
Animais Limpos e Impuros
- As leis alimentares de Levítico estabelecem critérios duplos claros para animais terrestres e aquáticos: as criaturas da terra precisavam ruminar e ter cascos fendidos para serem comidas, enquanto as criaturas das águas precisavam ter tanto barbatanas quanto escamas.Fontes: o próprio texto bíblico
- As leis de pureza se estendiam aos utensílios domésticos: panelas de barro e fornos contaminados pelo cadáver de um animal rastejante impuro não podiam ser apenas lavados como objetos de madeira ou tecido, mas deviam ser completamente quebrados.Fontes: o próprio texto bíblico
- O propósito teológico declarado para distinguir entre o puro e o impuro era a consagração de Israel a Deus, que os tirou do Egito e os chamou a serem santos porque Ele é santo.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 45
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org