Lamentações 2
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an
ak yon nwaj nan kòlè li!
Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la.
Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
2Senyè a te vale tout nèt.
Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo.
Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a.
Li te bese yo nèt jis rive atè.
Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
3Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la.
Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an.
Konsa, Li te brile Jacob tankou flanm dife
ki konsome toupatou.
4Li te koube banza Li kon yon lènmi.
Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè.
Konsa, Li te touye tout sa yo ki bèl pou gade.
Nan tant a fi a Sion an,
Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
5Senyè a vin tankou yon lènmi.
Li te vale Israël nèt.
Li te vale tout palè li yo.
Li te detwi sitadèl li yo.
Li te miltipliye doulè yo ak plent yo
nan fi a Juda yo.
6Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an,
konsi se yon tonèl jaden.
Li te detwi kote ke Li menm te deziye
pou asanble yo.
SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo,
e Li te meprize ni wa a, ni prèt la
nan gwo kòlè Li a.
7Senyè a te rejte lotèl Li a.
Li te abandone sanktyè Li a.
Li te livre nan men lènmi an, miray a palè li yo.
Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi
li ta nan yon jou fèt deziye.
8SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an.
Li te lonje yon lign.
Li pa t ralanti men l nan destriksyon.
Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès;
y ap kriye ansanm.
9Pòtay li yo te fonse antre nan tè,
Li te detwi e kraze fè fòje a.
Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo;
lalwa, nanpwen ankò.
Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.
10Ansyen a fi a Sion yo chita atè.
Yo rete an silans.
Yo te jete pousyè sou tèt yo.
Yo abiye yo ak twal sak.
Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
11Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann,
lespri m vin nan gwo twoub;
kè m vin vide atè nèt, akoz
fi a pèp mwen an vin detwi
e timoun ak tibebe yo ap fennen
nan lari vil la.
12Yo mande manman yo: “Kote sereyal ak diven an?”
Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo,
pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.
13Kisa pou m ta di ou?
A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan?
A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen
ap mennen rekonfò bay ou a,
O fi vyèj a Sion an?
Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè.
Se kilès ki ka geri ou?
14Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo;
ki te plen foli.
Yo pa t dekouvri inikite ou
pou restore ou sòti an kaptivite,
men yo te wè pou ou vizyon
pòt pawòl ki te fo,
ki te egare ou.
15Tout moun ki pase akote chemen an
bat men yo pou moke ou.
Yo sifle anlè kon koulèv
sou fi Jérusalem nan, epi yo di:
“Men èske se vil sa a yo te konn rele
‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
16Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou.
Yo sifle anlè kon koulèv.
Yo fwote dan yo.
Yo di: “Nou te vale l nèt!
Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan.
Nou gen tan jwenn li.
Nou gen tan wè l.”
17SENYÈ a te acheve objektif Li;
Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li
te kòmande soti nan jou ansyen yo.
Li te jete ba,
Li pat fè pitye.
Li te fè lènmi an rejwi sou ou.
Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
18Kè yo te kriye fò a Senyè a.
O miray a fi Sion an,
kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit.
Pa aksepte okenn soulajman;
'Pa kite zye ou pran repo.
19Leve, kriye fò nan nwit lan,
nan kòmansman vèy nwit lan!
Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a.
Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo
ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
20Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa?
Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo,
pitit yo ki te fèt an bòn sante?
Èske prèt la ak pwofèt la
dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
21Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo.
Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe.
Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a;
Ou te fè masak, san pitye.
22Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli,
gwo laperèz mwen yo tout kote.
Nanpwen moun ki te chape sòti vivan
nan jou kòlè SENYÈ a.
Sila ke m te fè e leve yo,
lènmi m te anile yo nèt.

Você sabia?
A Destruição de Jerusalém e a Agonia de Sião
- Em Lamentações 2, os anciãos e as jovens de Sião expressam profunda dor pela ruína da cidade por meio de antigos costumes de luto, como sentar-se em silêncio no chão, vestir pano de saco e lançar pó sobre a cabeça.Fontes: o próprio texto bíblico
- O poema retrata o colapso de Jerusalém, juntamente com a destruição de seu templo, altar e festas fixas, como o cumprimento de decretos e julgamentos divinos, e não apenas como obra de exércitos inimigos.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo critica severamente os profetas contemporâneos de Jerusalém, observando que suas visões vazias e enganosas não expuseram o erro do povo para evitar o cativeiro iminente.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 4, 6, 8, 9, 10, 13, 18
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 5, 7, 10, 13, 15, 17
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org