Nations Bible

Josué 9

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, lè tout wa ki te lòtbò Jourdain nan peyi kolin yo, nan peyi ba plèn ak nan tout kot Gran Lamè a bò kote Liban, Etyen an, avèk Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an Evyen an ak Jebizyen an te tande koze sa, 2yo te reyini ansanm avèk yon sèl bi pou goumen avèk Josué e avèk Israël.

3Lè pèp la nan Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï, 4yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud, 5avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni. 6Yo te ale kote Josué nan kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.”

7Mesye Israël yo te di a Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?”

8Men yo te di Josué: “Nou se sèvitè ou.” Alò, Josué te di yo: “Ki moun nou ye e kibò nou sòti?”

9Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo, 10ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth. 11Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la. Ale rankontre yo e di yo: “Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’ 12Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi. 13Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”

14Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo pa t mande SENYÈ a konsèy. 15Josué te fè lapè avèk yo. Li te fè yon akò avèk yo pou lese yo viv, epi dirijan kongregasyon an te sèmante yon ve ak yo.

16Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo. 17Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim. 18Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la.

Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo. 19Men tout dirijan yo te di a tout kongregasyon an: “Nou te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye Israël la. Koulye a, nou pa kapab touche yo. 20Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.” 21Dirijan yo te di a yo menm: “Kite yo viv.” Konsa, yo te vin moun ki pou koupe bwa ak rale dlo pou tout kongregasyon an, jis jan ke dirijan yo te pale yo a. 22Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an? 23Koulye a, pou sa, nou modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.”

24Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a. 25Alò, gade, nou nan men ou. Fè avèk nou sa ki sanble bon e jis nan zye ou pou fè nou.”

26Se konsa, li te fè yo, e te livre yo nan men a fis Israël yo pou yo pa t touye yo. 27Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, nan plas ke Li ta chwazi a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

O tratado dos gibeonitas

  • Os habitantes de Gibeão eram heveus cujo território incluía quatro cidades: Gibeão, Quefira, Beerote e Quiriate-Jearim. Situada a poucos quilômetros a noroeste de Jerusalém, Gibeão era uma importante cidade nas colinas que optou pela diplomacia em vez de se unir à aliança militar dos reis cananeus vizinhos.Fontes: o próprio texto bíblico · Gibeon · Hivite
  • Para forjar a evidência de uma longa viagem, os gibeonitas levaram odres rachados, sandálias gastas, roupas esfarrapadas e pão seco e mofado. Os líderes de Israel examinaram as provisões físicas, mas não buscaram o conselho do Senhor, o que os levou a firmar um pacto de paz.Fontes: o próprio texto bíblico
  • No antigo Israel, um juramento feito em nome do Senhor era irrevogável, mesmo quando obtido por engano. Como os líderes haviam jurado por Deus, os israelitas pouparam a vida dos gibeonitas e os designaram para servir como cortadores de lenha e carregadores de água para a comunidade e o altar.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Great Sea · Hoje: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 1
  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículos 1, 3
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 10
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 1
  • Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 1
  • Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículos 3, 17
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 9
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 10
  • Kiriath-jearim · Hoje: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · versículo 17

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.