Josué 6
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
2SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo. 3Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou. 4Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la.
“Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo. 5Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”
6Konsa, Josué, fis a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: “Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a.” 7Yo te di a pèp la: “Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a.”
8Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo. 9Mesye avèk zam yo te ale devan prèt ki tap soufle twonpèt yo, epi gad aryè a te swiv lach la, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
10Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!”
11Konsa, li te fè lach SENYÈ a antoure vil la ansèkle l yon fwa. Konsa, yo te rantre nan kan an, e yo te pase nwit lan la nan kan an.
12Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a. 13Sèt prèt ki te pote sèt twonpèt kòn belye yo devan lach SENYÈ a, te kontinye san rete e te soufle twonpèt yo. Mesye avèk zam yo te ale devan yo, e gad an aryè yo te swiv lach SENYÈ a, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo. 14Konsa, nan dezyèm jou a, yo te mache antoure vil la yon fwa e te retounen nan kan an. Yo te fè konsa pandan si jou.
15Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa. 16Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la.
17“Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.
18“Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li. 19Men tout ajan avèk lò, zafè an bwonz ak fè, sen a SENYÈ a. Yo va antre nan trezò SENYÈ a.”
20Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la. 21Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.
22Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.” 23Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.
24Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.
25Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.
26Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”
27SENYÈ a te avèk Josué e li te vin byen rekonèt nan tout peyi a.
Você sabia?
A queda de Jericó
- Situada a cerca de oito quilômetros a oeste do rio Jordão, em meio a um palmeiral, Jericó era a cidade mais importante do vale do Jordão e uma fortaleza estratégica fundamental em Canaã.Fontes: Jericho · o próprio texto bíblico
- Josué ordenou que Raabe e toda a sua família fossem poupadas porque ela havia escondido os dois espias enviados à cidade, passando a residir entre os israelitas.Fontes: Rahab · o próprio texto bíblico
- A marcha ao redor de Jericó seguiu uma ordem específica: homens armados e sete sacerdotes tocando trombetas de chifre de carneiro à frente da arca da aliança rodearam a cidade uma vez por dia durante seis dias e sete vezes no sétimo dia.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org