Nations Bible

Josué 13

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.

2“Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo; 3soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo. 4Nan sid, tout tèritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo; 5epi tèritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.

6“Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a. 7Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”

8Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a: 9soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon; 10epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo; 11epi Galaad ak tèritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca; 12tout wayòm a Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te frape yo e deplase yo.

13Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.

14Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.

15Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo. 16Tèritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a; 17Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon, 18epi Jahats, Kedémoth, Méphaath, 19Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a, 20Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth, 21tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a. 22Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo. 23Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.

24Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo. 25Tèritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a, 26epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a; 27epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès. 28Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo.

29Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo. 30Tèritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou. 31Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.

32Sila yo se tèritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès.

33Men a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.

Você sabia?

A divisão da terra além do Jordão

  • Embora Josué já fosse idoso e restassem extensos territórios por conquistar — incluindo fortalezas filisteias e regiões ao norte rumo ao Líbano —, Deus ordenou que a terra a oeste do Jordão fosse repartida entre as nove tribos e meia restantes.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo detalha a partilha feita anteriormente por Moisés a leste do Jordão, onde as terras tomadas dos reis Seom de Hesbom e Ogue de Basã foram entregues às tribos de Rúben, Gade e à meia tribo de Manassés.Fontes: o próprio texto bíblico · Sihon · Og
  • A tribo de Levi foi a única que não recebeu uma herança territorial. Em vez de terras, a sua porção provinha das ofertas queimadas ao SENHOR, sendo o próprio Deus a sua herança.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Ashdod · Hoje: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículo 3
  • Ashkelon · Hoje: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · versículo 3
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 3
  • Ekron · Hoje: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · versículo 3
  • Gaza · Hoje: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 3
  • Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 4
  • Gebal · Hoje: Byblos · 34.119, 35.646 · versículo 5
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 5, 6
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículos 5, 11
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 8, 23, 27, 32
  • Dibon · Hoje: Tall Dhiban · 31.502, 35.777 · versículos 9, 17
  • Medeba · Hoje: Madaba · 31.716, 35.795 · versículos 9, 16
  • Valley of the Arnon · Hoje: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · versículos 9, 16
  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 10, 25
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículos 11, 12, 30, 31
  • Geshur · 32.767, 35.700 · versículos 11, 13
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 11, 25, 31
  • Maacah · 33.258, 35.581 · versículos 11, 13
  • Bamoth-baal · Hoje: Khirbet el Quweiqiyeh · 31.732, 35.741 · versículo 17
  • Midian · 28.495, 35.012 · versículo 21
  • Rabbah · Hoje: Amman · 31.955, 35.934 · versículo 25
  • Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · versículo 27
  • Havvoth-jair · 32.588, 35.726 · versículo 30
  • Jericho · Hoje: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 32
  • Moab · Hoje: Moab 2 · 31.840, 35.674 · versículo 32

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.