Nations Bible

Jonas 3

Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: 2“Leve ale Ninive, gwo vil la e pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”

3Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. 4Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”

5Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann. 7Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”

10Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A missão de Jonas a Nínive

  • Nínive era a próspera capital do antigo Império Assírio. O texto bíblico a retrata como uma cidade extraordinariamente grande, descrevendo-a como um lugar que exigia três dias de caminhada para ser percorrido.Fontes: Nineveh · o próprio texto bíblico
  • Jonas se destaca entre os profetas de Israel por ter sido enviado como missionário para além de sua própria nação, a fim de pregar em uma cidade gentílica distante.Fontes: Jonah · o próprio texto bíblico
  • O decreto real de arrependimento em Nínive estendeu-se além dos habitantes humanos, incluindo até os animais domésticos, exigindo que homens e rebanhos jejuassem e fossem cobertos de panos de saco.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Nineveh · 36.359, 43.153 · versículos 2, 3, 4, 5, 6, 7

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.