Jó 35
Bib Sen An · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
2“Èske ou sipoze ke ou gen dwa sa a?
Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
3Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?
Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
4Mwen va reponn ou,
menm ak zanmi ou yo tou.
5Gade nan syèl yo pou wè;
epi gade byen nan nwaj yo.
Yo pi wo pase ou.
6Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li?
Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
7Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
8Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm,
e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
9“Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò.
Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
10Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,
ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
11ki enstwi nou plis pase bèt latè yo,
pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
12La, yo kriye fò, men nanpwen repons
akoz ògèy moun mechan yo.
13Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid,
ni Toupwisan an p ap okipe l.
14Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li.
Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
15Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,
ni Li pa t apresye awogans,
16pou sa, Job ouvri bouch li an ven;
li ogmante pawòl li yo san konesans.”

Você sabia?
Eliú sobre a Independência de Deus e o Clamor Humano
- Eliú intervém após o encerramento do debate entre Jó e seus três companheiros, apresentando uma série de discursos que vai dos capítulos 32 a 37.Fontes: Elihu · o próprio texto bíblico
- Neste capítulo, Eliú defende a transcendência de Deus ao convidar Jó a observar os céus e as nuvens, argumentando que o pecado humano não prejudica a Deus e a justiça humana não O enriquece.Fontes: o próprio texto bíblico
- Eliú também aborda por que os clamores de socorro sob opressão às vezes não recebem resposta, afirmando que as pessoas frequentemente clamam apenas por alívio da dor em vez de buscar a Deus, seu Criador, com verdadeira humildade.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fonte: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org